Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Samyèl 4:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Yo te rive nan mitan kay la kòmsi yo t ap pran ble e yo te frape li nan vant. Epi Récab avèk Banna, frè li yo te chape ale.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Fanm ki t'ap veye bò pòt la t'ap triye ble, men li te kite dòmi pran l. Se konsa mesye yo fofile kò yo antre nan kay la.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 4:6
5 Referans Kwoze  

Sepandan, li te refize vire akote; pou sa, Abner te frape li nan vant avèk frenn li jiskaske li te parèt nan do li Epi li te tonbe la menm e te mouri sou lye a. Epi li te vin rive ke tout moun ki te vini kote Asaël te mouri an, te kanpe an plas.


Men Amasa pa t veye kont nepe ki te nan men Joab la. Konsa, li te frape li nan vant avèk li e zantray li te vide tonbe atè e san frape l ankò, li te mouri. Alò Joab avèk Abischaï, frè li a, te kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a.


Konsa, lè Abner te retounen Hébron, Joab te pran li akote mitan pòtay la, konsi, pou pale avèk li an prive, epi la, li te frennen li nan vant jiskaske li te mouri akoz san Asaël, frè li a.


Fis a Saül la te gen de mesye ki te kòmandan a bann sòlda yo. Non a youn se te Baana e lòt la te Récab, fis a Rimmon Beéroth yo, ki apatyen a fis Benjamin yo (paske Beéroth te konsidere kòm yon pati nan Benjamin.


Alò, Éhud te chape pandan yo te mize a. Li te pase kote zidòl yo e te chape rive Seïra.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite