Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Samyèl 3:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Men mari li te ale avèk li. Li t ap kriye pandan li t ap prale e te swiv li jis rive Bachurim. Epi Abner te di li: “Ale, retounen!” Konsa, li te retounen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Paltyèl pati dèyè l, li t'ap kriye sou tout wout la jouk yo rive lavil Baourim. Men Abnè di Paltyèl konsa: — Tounen lakay ou non, monchè! Epi Paltyèl tounen tounen l.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 3:16
9 Referans Kwoze  

Lè Wa David te rive Bachurim, gade byen, te sòti depi la yon mesye ki sòti nan fanmi Saül ki te rele Schimeï, fis a Guéra a. Li te parèt ak pawòl madichon san rete pandan li t ap pwoche.


Men yon gason te wè yo kanmenm e te di Absalom. Pou sa, yo te pati vit rive lakay a yon mesye Bachurim ki te gen yon pwi nan lakou a, e yo te desann antre ladann.


Epi Schimeï, fis a Guéra a, Benjamit ki sòti Bachurim nan te fè vit vin desann avèk mesye Juda yo pou rankontre Wa David.


Te gen mil mesye Benjamin avèk li, avèk Tsiba, sèvitè lakay Saül la, kenz fis li yo avèk ven sèvitè yo avèk li; epi yo te prese rive nan Jourdain an avan wa a.


Abi-Albon, Abatyen an, Azmaveth, Bakoumit lan,


Isch-Boscheth te voye retire li de mari li, Paithiel, fis a Laïsch la.


“Veye byen, genyen avè wSchimeï, fis a Guéra a, Benjamit a Bachurim nan. Se te li menm ki te fè madichon sou mwen nan jou ke m te ale Mahanaïm nan. Men lè li te desann bò kote m nan Jourdain an, mwen te sèmante a li menm pa SENYÈ a. Mwen te di: ‘Mwen p ap mete ou a lanmò avèk nepe.’


Epi Ismaël, fis a Nethania a, te sòti Mitspa pou rankontre yo e li t ap kriye nan wout la; epi pandan li te rankontre yo, li te di yo: “Vin kote Guedalia, fis a Akchikam nan!”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite