Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 24:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Sepandan, wa a te di a Aravna: “Non, men mwen va, anverite, achte li pou yon pri. Paske mwen p ap ofri ofrann brile bay SENYÈ a, Bondye mwen an ki pa koute m anyen.” Konsa, David te achte glasi a avèk bèf yo pou senkant sik ajan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Men wa a reponn li, li di l: — Non. Se achte m'ap achte. Se pou m peye pou yo. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m lajan pou m ofri pou boule nèt pou Senyè a. Se konsa, David achte anplasman glasi a ansanm ak tout bèf yo pou senkant pyès ajan.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 24:24
8 Referans Kwoze  

Li te pale a Ephron nan prezans tout pèp peyi a, e te di: “Silvouplè, si ou va sèlman koute mwen, mwen va bay pri a chan an. Aksepte li nan men m pou m kapab antere mò mwen an.”


Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun.


Konsa David te di: “Sa se lakay SENYÈ a, Bondye a, e sa se lotèl ofrann brile pou Israël la.”


“Non, mèt mwen, koute mwen; mwen ba ou chan an, e mwen ba ou kav ki ladann nan. Nan prezans a tout fis a pèp mwen yo, mwen ba ou li pou ou fè antèman mò ou a.”


Abraham te koute Ephron. Konsa, Abraham te peze pou Ephron lajan ke li te nonmen nan prezans tout fis a Heth yo, kat-san pyès lajan, nan sistèm komès nòmal.


Alò, Satan te kanpe kont Israël e te bourade David pou kontwole moun Israël yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite