Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 23:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Men sanzave yo, yo chak va pouse jete deyò tankou raje pikan. Konsa, pèsòn p ap kab pran yo an men.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Men, moun ki pa konn Bondye yo, y'ap tankou pikan y'ap voye jete. Pèsonn p'ap manyen yo ak men.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 23:6
12 Referans Kwoze  

Epi ou menm, fis a lòm, pa krent yo ni krent pawòl yo, malgre pikan ak zepin avèk ou, e malgre ou chita pami eskòpyon yo. Ni pa krent pawòl yo, ni twouble nan prezans yo, paske se yon kay rebèl ke yo ye.


Pèp yo va brile kon lacho, tankou pikan koupe ki fin brile nan dife a.”


Tankou yon flè lis pami pikan yo, se konsa cheri mwen an ye pami tout jenn fi yo.


Alò, te gen yon sanzave ki te la ki te rele Schéba, fis a Bicri, yon Benjamit. Konsa, li te soufle twonpèt la e te di: “Nou pa gen anyen nan David, ni nou pa gen eritaj nan fis Jesse a. Tout moun rive nan tant pa li yo, O Israël!”


Alò, fis a Éli yo te vagabon. Yo pa t konnen SENYÈ a,


ke kèk sanzave te sòti pami nou pou te sedwi abitan a vil pa yo, e te di: ‘Annou ale sèvi lòt dye’ (ke nou pa t janm konnen yo),


Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an.


Fis a Lòm nan ap voye zanj li yo pou ranmase fè sòti nan wayòm Li an, tout obstak ki fè moun tonbe, avèk tout sila k ap fè mechanste.


Mwen pa moun lakòlè. Men si Mwen ta jwenn raje ak pikan yo, Mwen ta fè batay! Mwen ta mache sou yo, e brile yo nèt.


Kon bwa pikan mele mare, kon sila ki sou ak bwason yo, yo va vin konsonmen nèt kon pay ki fennen nèt.


Alò, pou sa, kalkile byen kisa ou ta dwe fè. Paske se yon konplo mal k ap fèt kont mèt nou an ak kont tout lakay li, e li tèlman se yon sanzave ke pèsòn pa kab pale avè l.”


Pi bon nan yo se pikan. Pi dwat la pi mal pase kloti zepin. Jou gadyen ou, jou vizitasyon ou an fin rive. Koulye a y ap boulvèse, egare nèt.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite