Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 22:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Mwen rele a SENYÈ a, ki merite lwanj. Se konsa mwen sove de lènmi mwen yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Mwen rele Senyè a, li delivre m anba lènmi m yo. Lwanj pou Senyè a!

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 22:4
20 Referans Kwoze  

Mwen rele SENYÈ a, ki dign pou bay lwanj; epi mwen sove de lènmi mwen yo.


k ap pale avèk yon vwa fò: “Dign se Jèn Mouton ki te touye a, pou resevwa pwisans, richès, sajès, pouvwa, lonè, laglwa, ak benediksyon.”


Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.”


Akoz Li te panche zòrèy Li bò kote m, pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.


Paske gran se SENYÈ a! Li merite gran lwanj. Fòk Li resevwa krentif nou pi wo ke tout dye yo.


Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a, nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.


“Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”


A Ou menm, mwen va ofri yon sakrifis remèsiman, e va rele sou non SENYÈ a.


Mwen va leve wo koup sali a, e rele non SENYÈ a.


Alò, mwen te rele non SENYÈ a. O SENYÈ, mwen sipliye Ou, sove lavi mwen!


Se kilès ki kab pale sou zèv pwisan a SENYÈ yo, Oswa fè vin parèt tout lwanj Li yo?


Chante glwa a non Li! Ranpli lwanj Li ak laglwa!


Konsa, lènmi mwen yo va vire fè bak nan jou ke m rele a. Men sa m byen konnen: Bondye pou mwen.


Pou mwen, mwen va rele Bondye. SENYÈ a va sove mwen.


Rele Mwen nan jou twoub la. Mwen va delivre ou e ou va onore M.”


Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li, epi te sove li sòti nan tout twoub li yo.


Konsa, Levit yo, Josué, Kadmiel, Bani, Haschabnia, Schérébia, Hodija, Schebania, avèk Pethachja te di: “Leve pou beni SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan! O ke non Ou ki se leve wo sou tout benediksyon yo ak lwanj yo ranpli ak glwa kapab beni.


Depi lè a, yo te kòmanse chante ak bay louwanj, SENYÈ a te mete anbiskad kont fis a Ammon yo, Moab avèk Mòn Séir, ki te vini kont Juda yo epi yo te vin boulvèse.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite