Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 21:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Se kat sila yo ki te ne de jeyan nan Gath yo, e yo te tonbe pa men David e pa men a sèvitè li yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Kat sòlda peyi Filisti sa yo te moun bèl wotè, potorik gason, nan ras moun Arafa yo lavil Gat. David ak moun pa li yo touye yo.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 21:22
11 Referans Kwoze  

Mesye sila yo te jeyan Gath yo e yo te tonbe pa lamen David, ak lamen sèvitè li yo.


Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou?


Konsa pale SENYÈ a: “Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li. Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li, ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.


Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an.


Anplis, mwen te wè anba solèy la ke kous la pa pou moun ki rapid la, ni batay la pa pou gwo gèrye yo, ni pen pou saj la, ni richès a sila ki byen konprann nan, ni favè a moun abil; paske tan avèk jan tout bagay dewoule vin genyen yo tout.


Son lajwa eklate ak delivrans nan tant a moun ki dwat yo. Men dwat a SENYÈ a se vanyan!


Avèk Bondye, nou va fè zèv vanyan. Se Li menm ki va foule advèsè nou yo anba pye L.


Nan Bondye, nou va fè bèl bagay yo ak gwo kouraj. Se Li menm ki va foule lènmi nou yo anba pye.


Alò, koulye a, ban m peyi ti kolin yo sa ke SENYÈ a te pale nan jou sa a. Paske ou te tande nan jou sa a ke Anakim yo te la avèk gran vil byen fòtifye. Li kapab ke SENYÈ a va avè m, e mwen va chase yo sòti ladann jan SENYÈ a te pale a.”


Epi Jischbi-Benob ki te pami desandan a jeyan yo, avèk yon lans ki te peze twa-san sik an bwonz, te gen yon nepe nèf nan senti l e li te gen entansyon pou l ta touye David.


Lè li te leve tèt li kont Israël, Jonathan, fis a Schimea a, frè David la, te frape li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite