Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Samyèl 20:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Konsa, tout mesye Israël yo te sispann swiv David, e yo te swiv Schéba, fis a Bicri a. Men mesye Juda yo te rete lwayal a wa pa yo a, soti nan Jourdain an, jis rive Jérusalem.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Se konsa moun peyi Izrayèl yo vire do bay David pou yo swiv Cheba, pitit Bikri a. Men, moun peyi Jida yo rete ak David. Yo swiv li depi larivyè Jouden rive lavil Jerizalèm.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 20:2
12 Referans Kwoze  

Alò, wa a te retounen e te vin jis nan Rivyè Jourdain an. Epi Juda te vini Guilgal pou rankontre wa a, pou mennen wa a travèse Jourdain an.


Alò, te gen yon sanzave ki te la ki te rele Schéba, fis a Bicri, yon Benjamit. Konsa, li te soufle twonpèt la e te di: “Nou pa gen anyen nan David, ni nou pa gen eritaj nan fis Jesse a. Tout moun rive nan tant pa li yo, O Israël!”


Se pa konsa ka a ye! Men yon nonm soti nan peyi ti mòn Ephraïm nan, Schéba, fis a Bicri a, selon non li, li te leve men li kont Wa David. Sèlman, lonje bannou li e mwen va kite vil la.” Epi fanm nan te di a Joab: “Gade byen, se tèt li m ap jete ba ou sou mi an.”


David te rive kote lakay li Jérusalem. Epi wa a te pran dis fanm sa yo, ti mennaj ke li te kite pou okipe kay la. Li te mete yo sou siveyans e te bay yo manje, men li pa t antre nan yo. Konsa, yo te rete fèmen jis rive jou ke yo te mouri an e te viv tankou vèv.


Li te vin rive ke lè tout Israël te tande ke Jéroboam te retounen, yo te voye rele li nan asanble a pou te fè li wa sou tout Israël. Okenn sof ke Juda te swiv lakay David.


Men pou fis Israël ki te rive nan vil a Juda yo, Roboam te renye sou yo.


Moun nan pozisyon ba yo se se sèl yon souf nan van. Moun ki plase wo yo se manti. Nan pèz balans yo, se monte, yap monte. Ansanm menm, yo pi fay ke yon souf.


Kòmansman a konfli se tankou pete gwo baryè dlo; konsa, kite kont la avan l kòmanse.


Konsa, lè l rive, e te wè gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite