Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 20:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Depi li te rete sou granchemen an, tout mesye yo te pase ale dèyè Joab pou kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Lè li wete kadav la nan mitan wout la, tout lame a pase, yo pati ak Joab dèyè Cheba, pitit Bikri a.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 20:13
14 Referans Kwoze  

Konsa yo te rive Jéricho. E pandan Li t ap kite Jéricho avèk disip Li yo, ansanm ak yon gwo foul la, yon avèg ki t ap mande, ki te rele Bartimée, fis a Timée, te chita akote wout la.


“Plase pou ou menm ransèyman chemen yo; mete pou kont ou poto k ap dirije. Konsantre tout panse ou sou direksyon gran chemen an, wout sou sila ou te ale a. Retounen, O vyèj Israël; retounen kote vil sila yo, vil pa w yo.


Antre ladann, antre nan pòtay yo! Netwaye chemen an pou pèp la! Bati, bati chemen an! Retire wòch yo, leve yon drapo sou nasyon yo.


Konsa, wa Assyrie a te voye Rabschaké sòti Lakis nan Jérusalem vè wa Ézéchias avèk yon gwo lame. Li te kanpe kote kanal la sou gran chemen a ki rele Chan Foule a.


Konsa, SENYÈ a te di a Ésaïe: “Sòti la koulye a pou rankontre Achaz, ou menm ak fis ou, Schear-Jaschub, nan pwent kanal la premye ma dlo sou gran chemen ki mennen kote chan Foulon an.


Gran chemen a moun dwat la se pou kite mal; sila ki veye chemen li an prezève lavi li.


Epi wa Assyrie a te voye Tharthan, Rab-Saris avèk Rabschaké sòti nan Lakis avèk yon gwo lame rive kote Ézéchias Jérusalem. Konsa, yo te monte pou te rive Jérusalem. Epi lè yo te monte, yo te rive e te kanpe kote kanal souteren an, nan ma sous dlo piwo a, ki te sou chemen chan lesiv la.


Epi vach yo te pran wout dwat nan direksyon Beth-Schémesch. Yo te fè wout nan gran chemen an. Yo te rele fò pandan yo nan wout la, e yo pa t vire akote ni adwat, ni agoch. Prens Filisten yo te swiv yo jis rive nan lizyè Beth-Schémesch la.


Konsa, yo te di: “Gade byen, gen yon fèt a SENYÈ a chak ane nan Silo, ki nan kote nò a Béthel, sou lès a gran chemen ki monte soti Béthel pou rive Sichem nan, vè kote sid a Lebona.”


“Ankò, fis Israël yo te di li: ‘Nou va monte vè chemen an, e si Mwen avèk bèt mwen yo bwè nan dlo nou an; alò, m ap peye pri li. Kite mwen sèlman pase ladann a pye, anyen anplis.’”


Alò, te gen yon sanzave ki te la ki te rele Schéba, fis a Bicri, yon Benjamit. Konsa, li te soufle twonpèt la e te di: “Nou pa gen anyen nan David, ni nou pa gen eritaj nan fis Jesse a. Tout moun rive nan tant pa li yo, O Israël!”


Alò, akote li, te kanpe youn nan jennonm a Joab yo, ki te di: “Nenpòt moun ki pou Joab e nenpòt moun ki pou David, kite li swiv Joab.”


Alò, li te pase nan tout tribi Israël yo jis rive Abel, menm jis nan Beth-Maaca ak tout Berit yo. Yo te rasanble ansanm pou te ale dèyè li tou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite