Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 19:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Alò, Barzillaï te granmoun anpil, avèk laj a katre-ventan. Li te bay soutyen a wa a pandan li te rete Mahanaïm, paske li te yon nonm byen enpòtan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

32 Bazilayi te yon vye granmoun, li te gen katrevenzan. Li te rich anpil. Se li menm ki te bay wa a tout pwovizyon li te bezwen lè wa a te lavil Manayim.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 19:32
14 Referans Kwoze  

Te gen yon mesye nan Maon ki te fè komès li nan Carmel. Mesye a te byen rich e li te gen twa-mil mouton avèk twa-mil kabrit. Li t ap taye lenn mouton li nan Carmel.


Yon tèt blanch se yon kouwòn laglwa; li jwenn nan chemen ladwati a.


Byen li te monte a sèt-mil mouton, twa-mil chamo, senk-san bèf kabwèt, senk-san femèl bourik ak anpil sèvitè. Nonm sila a se te pi gran òm nan tout pati lès la.


Moïse te nan laj san-ventan lè li te mouri an. Zye li pa t fèb, ni fòs li pa t vin febli.


Jacob te viv nan peyi Égypte pandan disèt ane'. Pou sa, fòs lavi li te san-karant-sèt ane.


Sa yo se tout ane lavi ke Abraham te viv, san-swasann-kenz ane.


Alò, tout jou a Noé yo te nèf-san-senkant ane, e li te mouri.


Jou Methuschélah yo te nèf-san-swasant nèf ane, e li te vin mouri.


Alò, Joseph te mouri nan laj san-dis ane. Li te anbome e yo te plase li nan yon sèkèy an Égypte.


Wa a te di a Barzillaï: “Vin travèse avèk mwen e mwen va ba ou soutyen Jérusalem bò kote mwen.”


Alò, Menahem te egzije lajan an nan men Israël, menm a tout mesye enpòtan avèk mwayen, soti nan chak moun senkant sik ajan pou peye wa Assyrie a. Konsa, wa Assyrie a te retounen e pa t rete la nan peyi a.


“Menm jan an, sila ki te resevwa de talan yo te vin jwenn de lòt.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite