Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Samyèl 19:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Konsa, li te di a wa a: “Pa kite mèt mwen konsidere mwen kòm koupab, ni sonje mal ke sèvitè ou te fè nan jou lè mèt mwen an, wa a, te sòti Jérusalem, pou wa a ta pran sa a kè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Li di l konsa: — Monwa, tanpri! Pa kenbe m nan kè! Bliye sa m te fè ou jou ou t'ap kite lavil Jerizalèm lan. Tanpri, pa kenbe m nan kè!

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 19:19
17 Referans Kwoze  

Alò, Absalom, frè li a te di li: “Èske Amnon, frè ou a te avèk ou? Men koulye a, rete an silans, sè mwen, li se frè ou. Pa mete afè sa a sou kè.” Pou sa, Tamar te rete e te dezole lakay Absalom, frè li a.


Alò pou sa, pa kite mèt mwen, wa a, pran rapò sa a a kè, ki vle di ‘tout fis a wa yo mouri’, paske se sèl Amnon ki mouri.”


Alò, yo te kontinye travèse kote pou janbe a pou fè travèse fanmi a wa a; epi pou fè sa ki bon nan zye li. Epi Schimeï, fis a Guéra a te tonbe ba devan wa a pandan li t ap prepare pou travèse Jourdain an.


A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la, e nan lespri a sila ki pa gen manti a.


Pa sonje inikite a papa zansèt nou yo pou kenbe kont nou. Kite mizerikòd Ou vini vit rankontre nou, paske nou fin rive ba nèt.


Si kòlè a wa a vin monte kont ou, pa abandone pozisyon ou; paske rete kalm ka evite gwo ofans.


Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo, pou koz Mwen; e Mwen p ap sonje peche ou yo.


“Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li, e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’ paske yo tout va konnen Mwen, soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen va padone inikite yo, e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”


Aaron te di Moïse: “O senyè Mwen an! Mwen mande ou souple, pa konte peche sa a kont nou, nan sila nou te aji avèk foli a, ak nan sila nou te peche a.


Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.” Men yo te reponn l: “Kisa sa ye pou nou? Okipe sa ou menm!”


Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.


Èske se jodi a ke m fenk kòmanse konsilte Bondye pou li? Lwen de mwen, sa! Pa kite wa a fè okenn move panse sou sèvitè li a, ni okenn moun lakay papa m; paske sèvitè ou a pa konnen anyen nan afè sila a.”


Souple, pa kite mèt mwen okipe mesye sanzave sila a, Nabal, paske jan non li ye a, se konsa li ye. Nabal se non li e foli toujou avèk li. Men mwen, sèvant pa ou a, mwen pa t wè jennonm, mèt mwen, ke ou te voye yo.


Alò Saül te di: “Mwen te peche. Retounen, fis mwen, David. Paske mwen p ap fè ou mal ankò, akoz lavi mwen te presye nan zye ou nan jou sa a. Gade, mwen te jwe wòl a yon enbesil e mwen te fè yon gwo erè.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite