Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Samyèl 19:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Te gen mil mesye Benjamin avèk li, avèk Tsiba, sèvitè lakay Saül la, kenz fis li yo avèk ven sèvitè yo avèk li; epi yo te prese rive nan Jourdain an avan wa a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Te gen mil (1.000) gason nan branch fanm Benjamen an avè l. Ziba, domestik fanmi Sayil la, te la tou ansanm ak kenz pitit gason l yo ak ven moun k'ap travay avèk li yo. Yo tout kouri al kontre wa a bò larivyè Jouden an.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 19:17
8 Referans Kwoze  

Lè Wa David te rive Bachurim, gade byen, te sòti depi la yon mesye ki sòti nan fanmi Saül ki te rele Schimeï, fis a Guéra a. Li te parèt ak pawòl madichon san rete pandan li t ap pwoche.


Alò, yo te kontinye travèse kote pou janbe a pou fè travèse fanmi a wa a; epi pou fè sa ki bon nan zye li. Epi Schimeï, fis a Guéra a te tonbe ba devan wa a pandan li t ap prepare pou travèse Jourdain an.


Men mari li te ale avèk li. Li t ap kriye pandan li t ap prale e te swiv li jis rive Bachurim. Epi Abner te di li: “Ale, retounen!” Konsa, li te retounen.


Ou menm avèk fis ou yo avèk sèvitè ou yo va kiltive tè a pou li, e ou va rekòlte jis pou pitit a mèt ou a kapab genyen manje. Sepandan, Méphiboscheth, gran fis a mèt ou a, va manje tout tan sou tab mwen.” Alò, Tsiba te gen kenz fis ak ven sèvitè.


Alò, te genyen yon sèvitè lakay Saül ki te rele Tsiba. Konsa yo te rele li kote David, e wa a te di li: “Èske ou se Tsiba?” Epi li te reponn: “Men sèvitè ou.”


“Veye byen, genyen avè wSchimeï, fis a Guéra a, Benjamit a Bachurim nan. Se te li menm ki te fè madichon sou mwen nan jou ke m te ale Mahanaïm nan. Men lè li te desann bò kote m nan Jourdain an, mwen te sèmante a li menm pa SENYÈ a. Mwen te di: ‘Mwen p ap mete ou a lanmò avèk nepe.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite