Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 19:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Di Amasa: ‘Èske ou pa zo a zo mwen e chè a chè mwen? Ke Bondye ta fè sa pou mwen e menm plis si se pa ou menm ki va chèf lame devan mwen nèt nan plas Joab.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 N'a pale ak Amasa, n'a di l pou mwen se fanmi m li ye. Depi jòdi a, mwen mete l alatèt lame mwen an nan plas Joab. Si mwen pa kenbe pawòl, se pou Bondye ban m pi gwo pinisyon ki genyen!

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 19:13
13 Referans Kwoze  

Absalom te mete Amasa sou tèt lame a nan plas Joab. Alò Amasa te fis a yon mesye ki te rele Jithra, Izrayelit la, ki te antre nan Abigail, fi a Nachasch, sè a Tseruja a, manman a Joab.


Epi Jizréel te voye yon mesaje kote Élie. Li te di: “Konsa ke dye yo fè m sa e menm plis si mwen pa fè lavi ou tankou youn nan sa yo avan demen vè menm lè sa a.”


Joab, fis Tseruja a te sou lame a e Josaphat, fis a Achilud la te grefye a.


Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.”


Alò, Lespri a te vini sou Amasaï, ki te chèf a trant yo, “Nou se pa w, O David, Epi avèk ou, O fis a Jesse a! Lapè, lapè a ou menm Epi lapè avèk sila ki ede ou! Anverite, Bondye ou a ap ede ou!” Konsa David te resevwa yo e te fè yo kapitèn nan ekip la.


Epi Joab te di a mesye ki te di sa a: “Gade, ou te wè l? Poukisa konsa ou pa t frape li la pou l tonbe atè? Konsa, mwen ta ba ou dis pyès ajan avèk yon senti.”


Laban te di li: “Anverite, ou se zo mwen avèk chè mwen.” Konsa, li te rete avèk li pandan yon mwa.


Konsa, lè Abner te retounen Hébron, Joab te pran li akote mitan pòtay la, konsi, pou pale avèk li an prive, epi la, li te frennen li nan vant jiskaske li te mouri akoz san Asaël, frè li a.


Alò, tout tribi Israël yo te vin kote David Hébron e te di: “Gade byen, nou se pwòp zo ou ak chè ou.


Alò, wa a te di a Amasa: “Rele fè sòti pou mwen mesye Juda yo avan twa jou e ou menm, vin prezan isit la.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite