Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 16:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Alò, wa a te di: “Epi kote fis a mèt ou a?” Epi Tsiba te di a wa a: “Men vwala, li rete Jérusalem paske li te di: ‘Jodi a, lakay Israël la va restore wayòm papa m nan a mwen menm.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Wa a mande l: — Kote mèt ou, Mefibochèt, pitit pitit Sayil la? Ziba reponn: — Li rete lavil Jerizalèm, paske li di li sèten moun peyi Izrayèl yo pral renmèt li baton kòmandman ki te nan men Sayil, granpapa l la.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 16:3
13 Referans Kwoze  

Malè a yo! Paske yo ale menm jan avèk Caïn. Pou yon salè yo te kouri tèt an avan nan erè Balaam nan, epi te peri nan rebelyon Koré a.


Pa fè konfyans ak yon vwazen. Pa fè konfyans ak yon zanmi. Ak fi la k ap kouche ak ou a, gade pòt bouch ou!


Yon fo temwen va peri; men sila ki koute verite a va pale ak letènite.


Se konsa tout chemen yo ye a pou tout moun ki vin genyen pa mwayen vyolans. Se pwòp lavi yo kap vin rache.


Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè, li menm, mwen va detwi. Nenpòt moun ak rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.


Ou te retire renmen mwen ak zanmi m nan lwen m nèt, ak zanmi m yo, nan tenèb.


ki pa fè kout lang sou lòt, ni fè vwazen li mal, ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li;


Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.


Konsa, wa a te di a Tsiba: “Men vwala, tout sa ki apatyen a Méphiboscheth se pou ou.” Epi Tsiba te di: “Mwen vin bese devan ou nèt; kite mwen twouve gras nan zye ou, O mèt mwen, wa a!”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite