Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 15:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Konsa, wa a te sòti avèk tout manm lakay li avèk li. Men wa a te kite dis nan ti mennaj li yo pou pran swen kay la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Wa a pran tout fanmi li, li pati apye. Li kite dis nan fanm deyò li yo pou okipe palè a.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 15:16
12 Referans Kwoze  

O SENYÈ, gade kijan lènmi mwen yo ap miltipliye; Anpil moun leve kont mwen.


David te rive kote lakay li Jérusalem. Epi wa a te pran dis fanm sa yo, ti mennaj ke li te kite pou okipe kay la. Li te mete yo sou siveyans e te bay yo manje, men li pa t antre nan yo. Konsa, yo te rete fèmen jis rive jou ke yo te mouri an e te viv tankou vèv.


Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.


“Konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va fè leve mal kont ou soti nan pwòp kay ou. Mwen va menm pran madanm ou yo devan zye ou e bay a zanmi parèy ou e li va kouche avèk madanm ou yo gwo lajounen.


Konsa, Abigaïl te leve vit pou te ale monte sou yon bourik, avèk senk sèvant li yo ki te okipe li. Li te swiv mesaje David yo e te devni madanm li.


Alò, kite kado sila ke sèvant ou pote pou mèt mwen an, bay a jennonm ki akonpanye mèt mwen yo.


Barak te rele Zabulon ak Nephtali ansanm pou rive Kédesch, epi di-mil lòm te monte avèk li. Anplis, Débora te monte avèk li.


Alò, sèvitè a wa yo te di a wa a: “Gade, sèvitè ou yo va fè nenpòt sa ke wa a vle.”


Wa a te sòti e tout pèp la avèk li, e yo te rete nan dènye kay la.


Nonm rich la te gen anpil bann mouton avèk twoupo,


Malgre sa, Absalom, ke nou te onksyone sou nou an, te mouri nan batay la. Alò, pou sa, poukisa nou rete san pale nan afè mennen wa a fè l tounen an?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite