2 Samyèl 14:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen32 Absalom te reponn Joab: “Gade, mwen te voye dèyè ou, e mwen te di: ‘Vin isit la pou m kab voye ou kote wa a pou mande l: “Poukisa mwen te kite Gueschur? Li ta pi bon pou mwen si m te toujou la.”’ Pou sa, kite mwen wè figi a wa a, e si gen inikite nan mwen, kite li mete m a lanmò.” Gade chapit la1998 Haïtienne32 Absalon reponn li: — Paske ou pat vle vini lè mwen te voye chache ou la. Mwen te bezwen ou ale bò kote wa a pou mwen pou ou mande l sa m te bezwen kite lavil Gechou a vin isit la fè. Pito m te rete laba a. Kounyeya, mwen ta renmen ou jwenn yon jan pou m parèt devan wa a. Si m antò, li mèt touye m! Gade chapit la |