Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 14:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 pou l te kab chanje aparans a bagay yo, sèvitè Joab la te fè bagay sa a. Men mèt mwen an saj, tankou sajès a zanj Bondye a, pou konnen tout sa ki sou tè a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Men, si li fè l se paske li vle pou tout bagay sa a regle. Monwa, ou gen bon konprann tankou yon zanj Bondye, ou konnen tou sa k ap pase nan peyi a.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 14:20
12 Referans Kwoze  

Alò, sèvant ou an te di: ‘Souple kite pawòl a mèt mwen an, wa a, vin rekonfòte mwen, paske tankou zanj Bondye a, se konsa mèt mwen an, wa a, ye pou distenge sa ki bon avèk sa ki mal. Epi ke SENYÈ a, Bondye pa ou a, kapab avèk ou.’”


Anplis, li te pale vye bagay a sèvitè ou a mèt mwen, wa a, men mèt mwen an, wa a, se tankou zanj Bondye a. Pou sa, fè sa ki bon nan zye ou.


Yon nonm ki flate vwazen li ap ouvri filè pou pla pye li.


Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo, e zèv a lang flatè a se dega.


Lè David te mande konsèy a SENYÈ a, Li te di: “Ou pa pou monte. Ansèkle jis pa dèyè yo e vini sou yo pa devan pye sikomò yo.


Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.


Men Akisch te reponn David: “Mwen konnen ke ou se yon plezi nan zye m, tankou yon zanj Bondye! Sepandan, kòmandan Filisten yo te di: ‘Fòk li pa monte avèk nou nan batay la.’


Otreman, si m te aji nan mechanste kont lavi li (e nanpwen anyen ki kache a wa a), alò, ou menm ta kanpe lwen de sa.”


Paske tout manm lakay papa m pa t plis ke moun mouri devan mèt mwen an, wa a. Malgre ou te mete sèvitè ou pami sila ki te manje sou pwòp tab pa ou. Ki dwa mwen gen pou m ta plenyen anplis a wa a?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite