Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Samyèl 13:39 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

39 Wa David te byen vle ale kote Absalom, paske li te pran rekonfò konsènan Amnon, akoz li te mouri.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

39 Lè wa David fin konsole apre lanmò Amnon, li vin anvi wè Absalon.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 13:39
10 Referans Kwoze  

Epi Isaac te mennen li nan tant li. Li te pran Rebecca, e li te vin madanm li, e li te renmen li. Konsa Isaac te konsole lè manman li te fin mouri.


Alò, vrèman ou te sòti paske ou te anvi wè lakay papa ou, men poukisa ou te vòlè dye mwen yo?”


Alò, tout fis li yo, ak tout fi li yo te leve pou konsole li, men li te refize konsole. Epi li te di: “Vrèman mwen va desann kote fis mwen an, kote sejou mò yo ak lamante pou fis mwen an.” Epi papa li te kriye pou li.


Alò, apre yon tan konsiderab, fi Schua a, madanm a Juda, te mouri. Epi lè tan tristès alanmò a te fini, Juda te monte vè ouvriye ki t ap taye lenn mouton bò kote Thimna yo, li menm avèk zanmi li, Hira, Adilamit lan.


Alò Joab, fis a Tseruja a te vin apèsi ke kè David te apiye anvè Absalom.


Nanm mwen kraze ak anvi pou òdonans Ou yo tout tan.


Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a. Kè m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an.


“Fis nou yo ak fi nou yo va bay a yon lòt pèp. Zye nou yo ap gade sou sa e anvi wè yo tout tan, men p ap gen anyen nou kapab fè.


Paske li te trè anvi wè nou tout, e te twouble akoz ke nou te tande ke li te malad.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite