Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Samyèl 12:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Joab te voye mesaje yo a David. Li te di: “Mwen te goumen kont Rabba e te kaptire vil dlo yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Li voye mesaje al di David pou li: — Mwen atake lavil Raba. Mwen pran rezèvwa dlo yo.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 12:27
5 Referans Kwoze  

Alò, li te fèt pandan prentan an, lè ke wa yo konn sòti batay, ke David te voye Joab, ansanm avèk sèvitè li yo ak tout Israël. Yo te detwi fis a Ammon yo e yo te fè syèj nan Rabba, men David te rete Jérusalem.


Alò, Joab te goumen kont Rabba, moun nan fis Ammon yo, e li te kaptire vil wayal la.


Pou sa, rasanble rès pèp la, e fè kan kont vil la oswa, ma pran pou kont mwen pou l gen non pa m nan.”


Ou va trase wout la pou nepe a vin rive nan Rabbath a fis a Ammon yo, e vè Juda, nan Jérusalem fòtifye a.


(Paske se sèl Og, wa Basan an ki te rete kòm retay a Rephaïm yo. Gade byen, kabann li te fèt an fè. Èske li pa nan Rabbath, vil a fis Ammon yo? Longè li se te nèf koude e lajè li se te kat koude nan koude a yon moun.)”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite