Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Samyèl 11:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Epi lè lannwit te vin rive, David te leve nan kabann li. Li te mache antoure twati kay wa a, soti nan twati a, li te wè yon fanm ki t ap benyen. Epi fanm nan te byen bèl nan aparans li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Yon jou, bò aswè, David te fin fè yon ti poze, li leve, li sòti al sou teras ki anwo palè a. Antan li la, li wè yon fanm ki t'ap benyen. Fanm lan te bèl anpi.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 11:2
28 Referans Kwoze  

Li te rive ke lè li te rive toupre Égypte, li te di a Saraï, madanm li: “Gade, mwen konnen ke ou se yon fanm ki tèlman bèl!


Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje.


Lè Sichem, fis Hamor a, Evyen an, prens nan peyi a te wè li, li te pran li, e pa lafòs, li te kouche avèk li.


Li te kite tout sa li te gen sou chaj Joseph. Konsa, li pa t okipe tèt li avèk anyen sof ke manje ke li te manje. Alò, Joseph te yon bo gason, ni nan fòm li, ni nan aparans li.


ke fis Bondye yo te wè ke fi lezòm yo te bèl. Konsa, yo te pran kòm madanm pou yo menm, nenpòt ke yo te chwazi.


Pi tà, apre sa Absalom, fis a David la te gen yon sè byen bèl ki te rele Tamar e Amnon, fis a David la te renmen li.


Pou Absalom te ne twa fis ak yon fi ki te rele Tamar. Se te yon fanm ki te byen bèl.


Konsa fis a Rimmon yo, Beyewotyen an, Récab, avèk Banna te pati pou te rive lakay Isch-Boscheth nan chalè lajounen an pandan li t ap pran repo midi a.


Alò, lè yo te vin rive anndan kay la, pandan li te kouche sou kabann li nan chanm a dòmi li an, yo te frape li e te touye li. Yo te koupe tèt li e yo te vwayaje ak li nan chemen Araba a tout nwit lan.


“Mwen te fè yon akò ak zye m; alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj?


Vire zye m pou yo pa gade vanite e fè m reprann mwen nan chemen Ou yo.


Parès va voye yon pwofon somèy sou moun, e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.


Chàm konn twonpe e bèlte konn vanite; men se fanm nan ki krent SENYÈ a k ap resevwa lwanj.


Pa dezire bote li nan kè ou, ni kite li kapte ou avèk pòpyè zye li.


ki t ap pase nan lari a toupre kwen kay fanm nan. Konsa, li pran chemen pou rive lakay li,


Lakay Juda ak lakay a wa Juda yo va vin souye kon Topheth, akoz anwo twati a tout kay yo te brile sakrifis a tout lame syèl yo, e te vide bwason kon ofrann a lòt dye yo.”’”


Sa ke Mwen di nou nan tenèb, pale li nan plen limyè, e sa ke nou tande yo chikote nan zòrèy nou, pwoklame li sou twati kay la.


Nenpòt moun ki anwo kay la pa dwe desann pou pran byen li nan kay li,


men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.


Nan jou apre a, pandan yo te nan chemen yo, ap pwoche vil la Pierre te ale sou do kay la nan anviwon sizyèm è pou priye.


“Lè nou bati yon kay tounèf, nou va fè yon balistrad ki antoure teras twati a pou nou pa vin koupab de san si yon moun ta vin tonbe.


Nou pa pou anvi madanm vwazen nou, e nou pa pou anvi kay vwazen nou, chan li, oswa sèvitè li oswa sèvant li, bèf li, bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen nou.’”


Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye.


Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògey lavi la pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa.


Lè yo te kite plas anwo a pou antre nan vil la, Samuel te pale avèk Saül anwo twati a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite