Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Samyèl 11:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Urie te di a David: “Lach la menm avèk Israël avèk Juda ap rete nan tant yo; epi mèt mwen, Joab avèk sèvitè a mèt mwen yo ap fè kan nan chan louvri. Konsa, kijan mwen kapab ale lakay mwen pou manje bwè e kouche avèk madanm mwen? Pa lavi ou ak lavi nanm ou menm, mwen p ap fè bagay sa a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Ouri reponn David: — Sòlda Izrayèl yo ak sòlda Jida yo byen lwen ap fè lagè, Bwat Kontra Senyè a ansanm ak yo. Kòmandan Joab ak lòt chèf lame monwa yo ap pase nwit deyò nan plenn yo. Ki jan ou vle pou mal lakay mwen, manje, bwè, kouche ak madanm mwen? Mwen fè sèman sou tèt ou, menm jan ou vivan an, m pa ka janm fè bagay konsa.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 11:11
19 Referans Kwoze  

Alò, lè yo te di David: “Urie pa t desann lakay li,” David te di a Urie: “Èske ou pa t fenk fin fè yon vwayaj? Poukisa konsa ou pa t desann lakay ou?”


Alò, wa a te reponn e te di: “Èske men Joab mele avèk ou nan tout sa?” Epi fanm nan te reponn: “Jan nanm ou viv la, mèt mwen an, wa a, pèsòn pa kab vire ni adwat ni agoch nan anyen ke mèt mwen an, wa a, te pale a. Anverite, se te sèvitè ou a, Joab ki te kòmande mwen. Epi se te li ki te mete tout pawòl sa yo nan bouch sèvant ou an,


Epi David te di a Abischaï: “Koulye a Schéba, fis a Bicri a, va fè nou plis mal ke Absalom. Pran sèvitè mèt ou yo e kouri dèyè li, pou li pa twouve pou kont li vil ki ranfòse pou chape devan zye nou.”


ke wa a te vin di a Nathan, pwofèt la: “Gade koulye a, Mwen menm rete nan yon kay ki fèt ak bwa sèd; men lach Bondye a rete anndan yon tant ki fèt ak rido.”


Paske Mwen pa t rete nan yon kay depi jou ke M te mennen fè sòti fis Israël yo an Égypte, jis rive jodi a. Men Mwen te konn deplase patou nan yon tant, menm yon tabènak.


Men Moïse te di a fis Gad yo e a fis Ruben yo: “Èske frè nou yo va ale nan lagè, pou nou menm rete chita isit la?


Pou sa, si Mwen, Senyè a ak Mèt la lave pye nou, nou osi dwe lave pye youn a lòt.


Si nou andire, nou va osi renye avèk Li. Si nou rejte Li, Li tou va rejte nou.


Anne te di: “O mèt mwen! Tankou nanm ou viv la, mèt mwen, mwen se fanm ki te kanpe la bò kote ou a, ki t ap priye a SENYÈ a.


Alò, Saül te di a Achija: “Mennen lach Bondye a isit la.” Paske lach Bondye a te nan tan sa a avèk fis Israël yo.


Alò, lè Saül te wè David ki t ap sòti kont Filisten an, li te di a Abner, kòmandan lame a: “Abner, se fis a kilès jennonm sa a ye?” Epi Abner te di: “Pa lavi ou, O Wa mwen pa konnen.”


Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.”


Alò, pou sa, mèt mwen, jan SENYÈ a viv la, akoz SENYÈ a te anpeche ou vèse san e fè vanjans pa w avèk pwòp men ou; alò, kite lènmi ou yo avèk sila ki chache mal kont mèt mwen yo, vin tankou Nabal.


Epi pèp la te voye Silo e soti la, yo te pote lach akò SENYÈ dèzame a, ki chita anwo cheriben yo. Epi de fis a Éli yo: Hophni avèk Phinées, te la avèk lach akò Bondye a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite