Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Pyè 2:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 epi si li te delivre Lot ki te yon nonm ladwati, oprime pa sansyalite a mesye san prensip yo,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Men, li te delivre Lòt, yon nonm dwat ki te pran lapenn lè l te wè move bagay mechan yo t'ap fè.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Poutan Bondye sove Lo, nonm jis la, ki t ap gade ak tristès jan pèp yo t ap viv nan imoralite.

Gade chapit la Kopi




2 Pyè 2:7
14 Referans Kwoze  

Men li te fè reta. Pou sa, mesye sa yo te sezi men l avèk men madanm li avèk men a de fi li yo, paske konpasyon SENYÈ a te sou li. Yo te mennen li deyò, e yo te mete l deyò vil la.


Se konsa li rive ke lè Bondye te detwi vil yo nan vale a, ke Li te sonje Abraham. Li te voye Lot deyò dega a, lè li te boulvèse vil yo nan sila Lot te rete.


Konsa, nou menm, byeneme yo, ki konnen sa davans, rete vijilan pou nou pa pote ale pa erè a moun san prensip yo, e tonbe kite pwòp fidelite nou.


Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.


Epi pou pwofèt yo: kè m fin kase anndan m. Tout zo m yo tranble; Mwen vin kon yon moun sou, menm yon moun ki soumèt anba gwòg, akoz SENYÈ a, e akoz pawòl sen Li yo.


Alò, mesye Sodome yo te mechan anpil, e yo te fè peche depase kont SENYÈ a.


Fè vit, chape rive la, paske mwen pa kapab fè anyen jiskaske ou rive la.” Pou sa yo te rele vil la Tsoar.


Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a Méschec, Paske mwen rete pami tant a Kédar yo!


Konsa, yo te rele Lot e te di li: “Kote mesye sa yo ki te vin kote ou aswè a? Mennen yo bannou pou nou kapab antre an relasyon avèk yo.”


Anpil va swiv vi sansyèl yo, e akoz de yo, chemen laverite a va meprize.


Paske nan pale fò avèk awogans ak vanite, yo sedwi pa dezi lachè yo, pa sansyalite, atake sila ki prèske pa gen fòs yo pou chape devan sila ki viv nan erè yo,


Paske gen sèten moun yo ki te glise antre nan mitan nou san ke nou pa wè, sa yo ki te fin make pou kondanasyon sila depi avan lè; moun san Bondye ki ta vire lagras Bondye nou pou vini yon lisans pou fè sa ki mal, epi rejete sèl Mèt ak Senyè nou, Jésus Kri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite