2 Kwonik 9:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen9 Apre sa, li te bay wa a san-ven talan lò avèk yon trè gran kantite epis avèk pyè presye. Pa t janm te kon gen epis kon sa yo ke rèn Séba te bay a Wa Salomon an. Gade chapit la1998 Haïtienne9 Larenn Saba a fè wa a kado twa tòn edmi lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Pat janm rive gen nan pèyi Izrayèl la kantite fèy santi bon tankou sa larenn Saba a te bay wa Salomon lè sa a. Gade chapit la |