Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 9:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Jan mesye pa ou yo beni, jan sèvitè ou yo ki kanpe devan ou tout tan pou tande sajès ou yo beni!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Ala bèl chans moun pa ou yo genyen! Ala bèl chans pou moun k'ap travay avè ou! Yo toujou la devan ou ap tande gwo pawòl sajès k'ap soti nan bouch ou!

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 9:7
13 Referans Kwoze  

Jan mesye pa ou yo beni! Beni se sèvitè ki kanpe devan ou yo tout tan pou tande sajès ou.


Sepandan, mwen pa t kwè rapò yo jiskaske m te rive, e zye m vin wè. Epi vwala, mwatye a grandè a sajès yo pa t pale mwen sa. Ou depase rapò ke m te tande a.


Beniswa SENYÈ a, Bondye ou a, ki te pran plezi nan ou, e ki te mete ou sou twòn Li kòm wa pou SENYÈ a, Bondye ou a, akoz Bondye ou a te renmen Israël, Li etabli yo jis pou tout tan. Pou sa, Li te fè ou wa sou yo, pou fè lajistis avèk ladwati.”


Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a; se li mwen va chache: pou m ta kab rete lakay SENYÈ a tout jou lavi m yo, pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.


Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje; men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann.


Sila ki mache ak moun saj va vin saj; men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.


Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan, e pwofi li pi bon ke lò fen.


Pa kite dousè ak verite kite ou. Mare yo antoure kou ou. Ekri yo sou tablo kè ou.


Beni se moun ki koute mwen an, k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo, k ap veye kote poto pòt kay mwen an.


Men Li te di: “Okontrè, beni se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki swiv li.”


Li te di de papa l avèk manman l: “Mwen pa t wè li.” Li pa t rekonèt pwòp frè pa li, ni fis li yo pwiske yo te swiv pawòl Ou e te kenbe akò Ou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite