2 Kwonik 9:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen4 manje sou tab li, aranjman pozisyon chèz sèvitè li yo, konpòtman avèk abiman ministè li yo, eskalye li a sou sila li te konn monte pou rive lakay SENYÈ a, sa te fè l pèdi souf. Gade chapit la1998 Haïtienne4 Li wè kalite manje yo te sèvi sou tab li, kay li te fè bati pou chèf li yo, jan li te òganize moun k'ap travay nan palè a, rad inifòm yo te genyen, domestik ki t'ap sèvi l bweson ak bèt li te ofri pou boule nèt pou Senyè a nan Tanp lan. Lè li wè tou sa, li pèdi lapawòl sitèlman li te sezi. Gade chapit la |