Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 9:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Li te mèt sou tout wa yo soti nan Rivyè Euphrate la, jis rive nan peyi Filisten yo, e jis rive nan lizyè Égypte la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Salomon te sèl chèf sou tout wa ki t'ap gouvènen depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti, jouk sou fontyè peyi Lejip.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 9:26
9 Referans Kwoze  

Nan jou sa a, SENYÈ a te fè yon akò avèk Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sa a, depi nan larivyè Égypte la, jis rive nan gran rivyè a, larivyè Euphrate,


Alò, Salomon te renye sou tout wayòm yo soti Rivyè Euphrate la, jis rive nan peyi Filisten yo ak nan lizyè a Égypte yo. Yo te mennen pèyman obligatwa e yo te sèvi Salomon tout jou lavi li yo.


Paske li te byen domine sou tout sila ki te vè lwès Larivyè a, soti nan Thiphsach, jis rive nan Gaza, sou tout wa yo vè lwès Larivyè a. Epi li te gen lapè sou tout akote ki antoure li yo.


Alò, Hiram, wa Tyr la, te voye sèvitè li yo kote Salomon lè li te tande ke yo te onksyone li wa nan plas a papa li, paske Hiram te konn toujou zanmi David.


“Mwen va etabli bòn nou yo soti nan Lamè Wouj, jis rive nan lanmè Filisten yo, soti savann nan pou rive nan larivyè Lefrat paske Mwen va livre abitan peyi yo nan men nou, e nou va pouse yo ale devan nou.


A li menm, Li te bay dominasyon, glwa a, ak yon wayòm, pou tout pèp, nasyon ak lang yo ta ka sèvi Li. Dominasyon Li an se yon dominasyon k ap dire jis pou tout tan, ki p ap janm fini. Epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap detwi.


Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: “WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite