Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 9:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Epi tout wa latè yo t ap chache prezans a Salomon pou tande sajès ke Bondye te mete nan kè li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Tout wa toupatou te vin wè Salomon pou tande kalite bèl sajès Bondye mete nan bouch li.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 9:23
19 Referans Kwoze  

Lè tout Israël te tande koze a jijman sa a ke wa a te lonje bay, yo te krent wa a. Paske yo te wè ke sajès Bondye te nan li pou administre jistis la.


Moun te vini soti nan tout pèp yo pou tande sajès a Salomon, soti nan tout wa sou latè ki te tande afè sajès li a.


Konsa, Wa Salomon te vin pi gran pase tout wa sou latè yo nan richès avèk sajès.


Yo chak te pote pwòp kado pa yo: bagay an ajan avèk lò, vètman, zam, epis, cheval, milèt, an gran kantite ane pa ane.


Paske, SENYÈ a bay sajès. Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.


Nan jou sa a, nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.


Lespri SENYÈ a va poze sou Li, lespri a sajès ak bon konprann, lespri a konsèy ak pwisans lan, lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.


Konsènan kat jennonm sila yo Bondye te bay yo konesans ak entèlijans nan tout pati etid ak sajès yo. Epi Daniel te gen konprann nan tout kalite vizyon ak rèv.


Gen yon nonm nan wayòm ou a, nan li menm twouve lespri a dye sen yo; epi nan jou a papa ou yo, limyè, bon konprann, ak sajès tankou sajès a dye yo te twouve nan li. Epi Wa Nebucadnetsar, papa ou, Wa a, te chwazi li chèf sou majisyen yo, mèt zetwal yo, Kaldeyen ak divinò yo.


Paske Mwen va bannou pawòl avèk sajès pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab reziste ni demanti.


Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon.


Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a.


ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm.


Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.


Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite