Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 6:38 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

38 si yo retounen a Ou menm avèk tout kè yo, avèk tout nanm yo soti nan peyi kaptivite yo a, kote yo te mennen yo an kaptivite a, e priye vè peyi yo a ke Ou te bay a zansèt yo, ak vil ke Ou te chwazi a, e vè kay ke m te bati pou non Ou a,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

38 si yo tounen vin jwenn ou ak tout kè yo ak tout nanm yo, antan yo nan peyi kote lènmi te depòte yo a, si yo vire tèt yo nan direksyon peyi ou te bay zansèt yo a, nan direksyon lavil ou te chwazi a, nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a, pou yo lapriyè ou,

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 6:38
11 Referans Kwoze  

“Lè pèp Ou a sòti pou batay kont lènmi yo, pa nenpòt chemen ke Ou ta voye yo, e yo priye a Ou menm vè vil sila ke Ou te chwazi ak kay ke m te bati pou non Ou a,


si yo vin reflechi nan peyi kote yo te mennen an kaptivite a, repanti, e fè siplikasyon a Ou menm nan peyi kaptivite yo a, e di: ‘Nou te peche, nou fè inikite e te aji avèk mechanste;’


alò, tande, depi nan syèl la, depi nan abitasyon pa Ou a, lapriyè pa yo, avèk siplikasyon pa yo, e bay soutyen a koz pa yo, epi padone pèp Ou a ki te peche kont Ou.


Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou fè lapriyè, e bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te kon fè oparavan an.


Konsa, mwen te di: ‘Mwen te vin chase lwen fas ou. Malgre sa, mwen va gade ankò vè tanp sen Ou an.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite