Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 6:37 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

37 si yo vin reflechi nan peyi kote yo te mennen an kaptivite a, repanti, e fè siplikasyon a Ou menm nan peyi kaptivite yo a, e di: ‘Nou te peche, nou fè inikite e te aji avèk mechanste;’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

37 antan yo la nan peyi kote lènmi depòte yo a, si yo regrèt sa yo fè, si yo lapriyè nan pye ou, si yo rekonèt yo fè sa ki mal, si yo rekonèt yo antò,

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 6:37
17 Referans Kwoze  

“Lè yo fè peche kont Ou (paske nanpwen lòm ki pa peche), epi Ou fache avèk yo jis Ou livre yo a yon lènmi, e yo pran yo mete an kaptivite nan yon peyi lwen, oswa pre;


si yo retounen a Ou menm avèk tout kè yo, avèk tout nanm yo soti nan peyi kaptivite yo a, kote yo te mennen yo an kaptivite a, e priye vè peyi yo a ke Ou te bay a zansèt yo, ak vil ke Ou te chwazi a, e vè kay ke m te bati pou non Ou a,


epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.


ke zòrèy W kapab atantif e zye Ou yo louvri pou tande lapriyè sèvitè Ou a ke mwen ap fè devan Ou koulye a, lajounen kon lannwit, nan non a fis Israël yo, pou konfese peche a fis Israël yo ke nou te fè kont Ou menm. Mwen menm avèk lakay papa m te peche.


Nou te peche menm jan ak papa zansèt nou yo. Nou te fè inikite; nou te aji mal.


Konsa, Senyè, Bondye nou an, ki te mennen pèp Ou a sòti nan peyi Egypte la ak yon men pwisan, e te fè yon non pou Ou menm, jan sa ye nan jou sa a, nou te peche. Nou te fè mechanste.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite