Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 6:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Alò, pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kite pawòl Ou konfime nan sa Ou te pale a sèvitè Ou a, David.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Se konsa, Senyè, Bondye pèp Izrayèl la, fè tout bagay rive jan ou te fè pwomès la bay David, sèvitè ou la.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 6:17
10 Referans Kwoze  

Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, nanpwen dye tankou Ou nan syèl la ni sou tè a, k ap kenbe akò avèk lanmou dous avèk sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo;


“Pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kenbe avèk sèvitè Ou a, David, sa ke ou te pwomèt li a. Ou te di: ‘Ou p ap manke yon nonm ki pou chita sou twòn Israël la, si sèlman fis ou yo fè atansyon nan chemen yo, pou mache nan lalwa pa Mwen, jan ou te mache devan M nan.’


“Men èske Bondye va vrèman rete avèk lòm sou tè a? Gade byen, syèl la avèk pi wo syèl la pa kab kenbe Ou; bokou mwens, pou kay sa a ke m te konstwi a.


Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale avèk bouch Li a papa m, David, e ki te acheve sa avèk men Li, lè li te di:


Yo te wè Bondye Israël la. Anba pye li, te parèt yon choz tankou yon pave ki fèt an safì, klè tankou syèl la menm.


Aflije yo ak malere yo ap chache dlo, men nanpwen; lang yo sèch ak swaf la. Mwen menm, SENYÈ a, va reponn yo. Mwen, Bondye Israël la p ap abandone yo.


Mwen va bay ou trezò lannwit yo ak richès k ap kache kote sekrè yo, pou ou ka konnen ke se Mwen, SENYÈ a, Bondye Israël la, ki rele ou pa non ou.


pou m ka etabli sèman ke M te fè ak papa zansèt nou yo, pou bay yo yon peyi k ap koule ak lèt, ak siwo myèl, jan li ye nan jou sa a.”’” Mwen te reponn: “Amen O SENYÈ”.


Konsa, Manoach te leve swiv fanm li an e lè li te vin kote nonm nan, li te di li: “Èske ou se nonm Bondye ki te pale avèk fanm mwen?” Epi li te di: “Mwen se li”.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite