Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Kwonik 6:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, nanpwen dye tankou Ou nan syèl la ni sou tè a, k ap kenbe akò avèk lanmou dous avèk sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 epi li di: — Senyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te siyen ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 6:14
34 Referans Kwoze  

Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ? Kilès ki tankou Ou? Kilès ki tankou ou nan majeste ak sentete, etonan nan lwanj, k ap fè mèvèy yo?


“Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,


pou nou ta kab mache nan yon fason ki dign pou Bondye kap rele nou antre nan pwòp wayòm ak laglwa Li a.


Epi mizerikòd Li sou jenerasyon apre jenerasyon vè sila ki krent Li yo.


Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a.


Nanpwen moun ki tankou Ou, O SENYÈ. Ou gran! Gran se non Ou an pwisans!


Lanmou dous Mwen va kenbe pou li jis pou tout tan, e akò Mwen va konfime a li menm.


O SENYÈ Bondye dèzame yo, se kilès ki tankou Ou, O SENYÈ pwisan an? Anplis, fidelite Ou antoure Ou.


Paske kilès nan syèl la ki konpare ak SENYÈ a? Kilès pami fis a pwisan yo ki tankou SENYÈ a,


Mwen te di: “Mwen sipliye W, O SENYÈ syèl la, Bondye ki gran e mèvèye a, ki gade akò Li avèk lanmou dous Li pou sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,


Konsa, David te di a tout asanble a: “Koulye a, beni SENYÈ a, Bondye nou an.” Epi tout asanble a te beni SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, e te bese ba devan SENYÈ a e ak wa a.


Nan tan ofrann sakrifis aswè a, Élie, pwofèt la, te pwoche e te di: “O SENYÈ, Bondye Abraham, Isaac avèk Israël la, jodi a, kite li byen rekonèt ke Ou se Bondye an Israël, ke mwen se sèvitè Ou, e ke mwen te fè tout bagay sa yo pa pawòl Ou menm.


Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, nanpwen Bondye tankou Ou nan syèl la anwo, ni sou latè anba, k ap kenbe akò e montre lanmou dous a sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo,


“Kay sa a ke w ap bati a, si ou va mache nan règleman Mwen yo, egzekite lòd Mwen yo, kenbe tout kòmandman Mwen yo e mache ladan yo, alò, mwen va fin konplete pawòl ke M te pale a David, papa ou a, avèk ou.


Salomon te di: “Ou te montre lanmou dous Ou anpil a sèvitè ou a, David, papa m, selon jan li te mache devan Ou, anverite, avèk ladwati, avèk kè ki dwat anvè Ou. Ou te konsève pou li gran amou sila a, ke Ou te ba li yon fis ki pou chita sou twòn li an, jan sa ye jodi a.


Pou sa, konnen jodi a e fè sa antre nan kè nou, ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye anwo nan syèl la e anba sou tè a; nanpwen lòt.


Alò, la li te monte yon lotèl, e li te rele li El-Elohé-Israël.


Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di li: “Mwen menm se Bondye Toupwisan an. Mache devan mwen, e rete san fot.


Hénoc te mache avèk Bondye; e li pa t la ankò, paske Bondye te pran l.


pou montre mizerikòd vè zansèt nou yo, e pou sonje akò sen Li an,


Mwen te priye a SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te konfese e mwen te di: “O SENYÈ, Gran Bondye ki etonnan la, ki kenbe akò ak mizerikòd li pou sila ki renmen Li, e ki swiv kòmandman Li yo,


Pòsyon ki pou Jacob la pa konsa; paske Kreyatè a tout bagay se Li menm; e Israël se tribi eritaj Li. SENYÈ dèzame yo se non Li.


Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè, ni nanpwen zèv tankou pa Ou yo.


Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan.


Pou rezon sa a, Ou gran, O Mèt BONDYE; paske nanpwen lòt tankou Ou menm e nanpwen lòt dye sof ke Ou menm, selon tout sa ke nou te tande avèk pwòp zòrèy nou.


Bondye, anplis ke sa te di a Moïse: “Konsa ou va di a fis Israël yo, ‘SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, e Bondye a Jacob la, te voye mwen vin kote nou.’ Sa se non Mwen pou tout tan, e sa se non Mwen k ap nan memwa a tout jenerasyon yo.


Bondye te di li: “Non ou se Jacob. Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël va non ou.” Konsa li te rele li Israël.


‘O SENYÈ BONDYE, Ou te kòmanse montre sèvitè ou a jan Ou gran ak men pwisan Ou. Paske ki dye ki genyen nan syèl la oswa sou tè a, ki kapab fè kalite zèv sa yo, zèv pwisan tankou pa Ou yo?


Konsa, Aaron te lonje men l sou dlo Égypte yo, e krapo te vin kouvri peyi Égypte la.


Alò, pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kite pawòl Ou konfime nan sa Ou te pale a sèvitè Ou a, David.


Li te di: “O SENYÈ, Bondye a zansèt pa nou yo, èske se pa Ou menm ki Bondye nan Syèl yo? Èske se pa Ou menm ki renye sou tout wayòm a nasyon yo? Pwisans avèk majeste, se nan men Ou, jiskaske nanpwen moun ki kab kanpe kont Ou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite