Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Kwonik 6:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Konsa, li te kanpe devan lotèl SENYÈ a nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Apre sa, Salomon al kanpe devan lotèl Senyè a, devan tout pèp Izrayèl la, li leve de men l anlè pou l lapriyè.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 6:12
15 Referans Kwoze  

Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a, ki obeyi vwa a sèvitè Li a, ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a? Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a e depann de Bondye li a.


Mwen lonje men m vè Ou menm. Nanm mwen fè gwo anvi pou Ou, kon yon peyi deseche.


Pou sa, mwen va beni Ou tout tan ke m viv. Mwen va leve men m nan non Ou.


“Si ou ta vle vin bon, dirije kè ou e lonje men ou vè Li.


Alò, Moïse te kite vil la sòti devan Farawon, e li te lonje men li vè SENYÈ a; epi tonnè avèk lagrèl la te sispann, e lapli pa t tonbe sou latè ankò.


Konsa, mwen vle moun tout kote priye; vin leve men sen yo, san kòlè ak doute.


Ke lapriyè mwen kapab konte kon lansan devan Ou; lè m leve men m, kon sakrifis ofrann aswè a.


Prens yo va sòti an Égypte. Ethiopie va fè vit pou lonje men l vè Bondye.


Tande vwa a siplikasyon mwen yo lè m kriye a Ou menm pou sekou, lè m leve men m vè sanktiyè sen Ou an.


Wa a te kanpe akote pilye a pou te fè yon akò devan SENYÈ a, pou mache apre SENYÈ a, pou kenbe kòmandman avèk temwayaj li yo avèk règleman li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou akonpli pawòl akò a ki te ekri nan liv sa a. Epi tout pèp la te antre nan akò a.


Li te gade, e men vwala, wa a te kanpe akote pilye a, selon koutim nan, avèk kapitèn yo ak twonpèt yo akote wa a. Epi tout moun peyi a t ap rejwi e sone twonpèt yo. Athalie te chire rad li e te kriye: “Trayizon, Trayizon!”


La, mwen te mete lach ki gen akò SENYÈ a ladann nan, akò ke Li te fè avèk fis Israël yo.”


Alò, Salomon te fè yon etaj an bwonz, senk koude nan longè, senk koude nan lajè ak twa koude nan wotè e li te plase li nan mitan gran lakou a. Epi li te kanpe sou li, li te mete li ajenou nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li vè syèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite