Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 4:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Anplis, li te fè dis basen kote pou lave e li te pozisyone senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la pou lave bagay pou ofrann brile yo. Men lanmè a te pou prèt yo ta kab lave ladann.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Li fè fè dis basin kwiv. Li mete senk sou bò dwat ak senk sou bò gòch. Se la yo te lave vyann bèt yo te gen pou boule sou lotèl la. Prèt yo menm te sèvi ak dlo ki te nan gwo basin nan pou fè twalèt yo.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 4:6
16 Referans Kwoze  

Li te fè dis basen yo an bwonz, yon basen te kenbe karant bat 880 lit; chak basen te kat koude e nan chak nan dis baz yo, te gen yon basen.


Alò Hiram te fè basen sa yo, ansanm ak pèl ak bòl yo. Konsa, Hiram te fin fè tout èv ke li te fè pou Salomon lakay SENYÈ a:


Anplis, li te fè yon lanmè an fè fòje, dis koude de lajè, tou won, wotè li te senk koude e sikonferans lan te trant koude.


Lave m nèt de inikite mwen yo e netwaye m de peche mwen an.


“Konsa, ou va mennen Aaron avèk de fis li yo vè pòtay tant reyinyon an, e lave yo avèk dlo.


“SENYÈ a te pale a Moïse Li te di l:


Yon chanm ak pòtay li te bò pilye nan pòtay yo. La, yo te lave ofrann brile yo.


Men zantray li yo avèk janm yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi prèt la va ofri tout nèt, e ofri li nan lafimen sou lotèl la. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


Men zantray li yo avèk janm li yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi prèt la va brile li nèt sou lotèl la kòm yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.


konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?


Konsa, li te nesesè pou kopi a bagay ki nan syèl yo ta vin netwaye avèk san sila a, men bagay selès yo, yo menm, avèk yon pi bon sakrifis ke sa yo.


Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.


Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.” Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan san a Jèn Mouton an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite