Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 4:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Lanmè a te kanpe sou douz bèf, twa avèk fas yo vè nò, twa avèk fas yo vè lwès, twa avèk fas yo vè sid, e twa avèk fas yo vè lès. Epi lanmè li te poze sou yo, e dèyè a tout bèt te pozisyone pa anndan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Basin nan te chita sou do douz towo bèf fèt ak kwiv. Fas yo bay sou deyò, twa sou solèy leve, twa sou solèy kouche, twa sou bò nò, twa sou bò sid. Basin lan menm te chita sou dèyè yo ki te bay sou anndan.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 4:4
10 Referans Kwoze  

Lanmè a te kanpe sou douz bèf, twa avèk fas vè nò, twa avèk fas vè lwès, twa avèk fas vè sid e twa avèk fas vè lès. Li te poze sou yo e tout pati dèyè yo te vè anndan.


Yon estati sanblab a bèf yo te anba li, e te antoure li, dis koude, ki te antoure lanmè a nèt. Bèf yo te an de ranje, e yo te fòje yo tankou yon sèl pyès.


Li te gen episè a yon men ouvri, epi rebò li te fèt tankou sila a yon tas, tankou yon flè lis k ap ouvri. Li te resevwa e te kenbe volim a twa-mil bat.


Epi Mwen di Ou ke ou menm, ou se Pierre e se sou wòch sa a M ap bati legliz Mwen an, e pòtay peyi mò yo p ap kapab venk li.


Li te di yo: “Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an.


Men Senyè a te di li: “Ale paske li menm se yon enstriman ki chwazi pa Mwen pou pote non Mwen devan etranje, wa yo, ak fis Israël yo.


ki te bati sou fondasyon apot ak pwofèt yo, Kris Jésus Li menm kòm wòch la ki fòme ang prensipal la.


Epi miray vil la te gen douz wòch nan fondasyon an, e sou yo, se te douz non a douz apot Jèn Mouton an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite