Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 36:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Anfen, yo te brile kay Bondye a, yo te kraze miray Jérusalem nan, yo te brile tout konstriksyon fòtifye li yo avèk dife, e yo te detwi tout bagay valab li yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Lèfini, li mete dife nan Tanp lan. Li kraze miray lavil la. Li boule tout gwo kay yo ak tout bèl bagay koute chè ki te ladan yo.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 36:19
22 Referans Kwoze  

Epi kay sila a va devni yon pil ranblè. Tout moun ki pase va sezi e soufle e yo va di: “Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi ak kay sa a?


Konsa pale SENYÈ a: Veye byen, Mwen ap voye malè sou plas sa a ak sou pèp li a, menm tout malediksyon ki ekri nan liv ke yo te li nan prezans a wa Juda a.


alò, Mwen va dechouke ou soti nan peyi ke M te ba ou a, ak kay sa a, ke Mwen te konsakre pou non pa Mwen an, Mwen va jete l andeyò vizaj Mwen, e Mwen va fè li yon pwovèb ak yon rizib pami tout pèp yo.


Yo te di mwen: “Retay ki la nan pwovens lan, ki te chape e ki te reziste malgre kaptivite a nan gwo pwoblèm ak dezolasyon. Miray Jérusalem nan kraze nèt e pòtay li yo fin brile ak dife.”


Mwen te di a wa a: “Kite wa a viv jis pou tout tan. Poukisa figi mwen pa ta dwe tris lè vil la, plas a tonm papa zansèt mwen yo, dezole nèt e pòtay li yo fin brile ak dife?”


O Bondye, nasyon yo te anvayi eritaj Ou a. Yo te souye sen tanp Ou an. Yo te fè Jérusalem kouche nan yon pil ranblè.


Paske yo te devore Jacob. Yo te devaste abitasyon Li an.


Li fin brile ak dife. Li fin koupe atè nèt. Yo peri ak repwòch devan Ou.


Mwen va gaye gate l nèt. Li p ap koupe ni sèkle ak wou, men pikan ak zepin va vin leve nan li. Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo pou lapli pa tonbe ladann.


Paske Mwen te ranje figi M kont vil sa a pou mal, e pa pou byen,” deklare SENYÈ a. “Li va livre nan men a wa Babylone nan e li va brile li ak dife.”’


Mwen va pini nou selon rezilta zak nou yo, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va limen yon dife nan forè li ki va devore tout ozanviwon li.’”


Kaldeyen k ap goumen kont vil sa yo va antre mete dife nan tout vil sa a, e brile li, ak kay kote te gen ofrann lansan a Baal sou twati yo, e yo te vide ofrann bwason yo a lòt dye pou fè M fache.’”


Akoz sa a, Mwen va fè rive nan kay ki rele pa non Mwen an, nan sila nou mete konfyans lan e plas ke M te bay a nou menm ak papa zansèt nou yo, menm sa M te fè nan Silo a.


Pa mete konfyans nan pawòl manti k ap di nou: ‘Sa se tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a.’


A la briyans lò a vin bese! Lò pi a pa menm ankò! Wòch tanp yo vide deyò nan tout kwen lari.


Konsa, akoz nou menm, Sion va vin raboure tankou yon chan, e Jérusalem va vin yon pil mazi, e mòn tanp lan va devni tankou wo plas yo nan forè a.


Men èske pawòl Mwen yo, ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo? “Konsa yo te repanti, e te di: ‘Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon fè ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou.’”


Pou bagay sa yo ke nou ap gade la a, jou a va vini lè p ap rete yon sèl wòch sou lòt ki p ap chire dekonble.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite