Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 36:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Epi, ofisye a prèt yo avèk pèp la te manke fidèl anpil nan swiv tout abominasyon a nasyon yo, e yo te konwonpi kay ke SENYÈ a te fè sen Jérusalem nan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Ata lòt chèf peyi Jida yo, prèt yo ansanm ak tout pèp la te lage kò yo nan sèvi yon bann vye zidòl, tankou tout lòt nasyon yo te konn fè. Yo derespekte Tanp Senyè a te mete apa pou li menm lavil Jerizalèm.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 36:14
26 Referans Kwoze  

Li te brile lansan nan vale Ben-Hinnon e li te brile fis li yo nan dife, selon abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo.


Konsa, Manassé te egare Juda ak pèp Jérusalem nan pou fè plis mal pase menm nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo.


Konsa pale SENYÈ a: Veye byen, Mwen ap voye malè sou plas sa a ak sou pèp li a, menm tout malediksyon ki ekri nan liv ke yo te li nan prezans a wa Juda a.


Anplis, li te fè rebèl kont Wa Nebucadnetsar ki te fè li sèmante fidelite pou Bondye. Men li te fè tèt di, e avèk kè di, li te refize vire vè SENYÈ a, Bondye Israël la.


SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, te voye kote yo tout tan pa mesaje pa Li yo, akoz li te gen mizerikòd vè pèp li a ak sou kote ke Li te abite a;


Depi nan jou a papa nou yo, jis rive jodi a, nou nan gran koupabilite. Epi akoz inikite nou yo, nou menm, wa nou yo ak prèt nou yo te vin livre nan men a wa peyi yo, a nepe, an kaptivite, piyaj ak wont ki byen vizib, jis rive jodi a.


Men yo te mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non pa M nan, pou souye l.


Yo te bati wo plas a Baal ki nan vale Ben-Hinnom nan, pou fè fis yo pase nan dife a Moloc, bagay ke M pa t kòmande yo, ni sa pa t antre nan panse M ke yo ta dwe fè bagay abominab sa a, pou fè Juda peche.”


Epi ofisye yo te di a wa a: “Koulye a, kite nonm sa a vin mete a lanmò, konsi l ap dekouraje mesye lagè ki rete nan vil sa a, ak tout pèp la lè l pale pawòl konsa avèk yo; paske nonm sa a p ap chache byen a pèp sa a, men malè yo.”


Mwen va ale kote moun pwa yo. Se ak yo ke mwen va pale, paske yo menm konnen chemen SENYÈ a, ak règleman a Bondye yo.” Men yo menm tou, ak volonte ansanm te kraze jouk la, e chire tout kòd yo.


Akoz sa, yon lyon ki sòti nan forè va touye yo. Yon lou dezè a va detwi yo, yon leyopa ap veye vil yo. Tout moun ki sòti kote yo va chire an mòso, akoz transgresyon yo anpil, enfidelite yo bokou.


Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, paske nou pa t mache nan règleman Mwen yo. Ni nou pa t swiv lalwa Mwen yo, men nou te aji selon lalwa a nasyon sila ki antoure nou yo.”’”


“‘“Gade byen, chèf Israël yo, yo chak selon fòs pouvwa yo, te nan ou ak bi pou vèse san an.


Anplis, nou pa t koute sèvitè Ou yo, pwofèt yo, ki te pale nan non Ou, a wa nou yo, prens nou yo, papa zansèt nou yo, ak tout moun peyi a.


O Senyè, gwo wont ak twoub byen klè se akoz nou, ak wa nou yo, prens nou yo, ak papa zansèt nou yo, akoz yo te peche kont Ou.


“‘Nou va kenbe Saba Mwen yo, e nou va onore sanktyè Mwen an. Mwen se SENYÈ a.


Moun fidèl fin disparèt sou latè a, e nanpwen moun dwat pami lòm. Yo tout kouche an anbiskad pou vèse san; yo tout fè lachas dèyè frè yo ak pèlen.


“Lè nou antre nan tè ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an, nou p ap aprann imite bagay abominab a nasyon sa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite