Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 35:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Anplis, li te di a Levit ki te enstwi tout Israël yo, e ki te sen a SENYÈ a: “Mete lach SENYÈ a nan kay ke Salomon, fis a David la, wa Israël la, te bati a. Li p ap ankò yon chaj sou zepòl nou. Alò, koulye a sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, avèk pèp Li a, Israël.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Lèfini, li pale ak moun Levi yo ki te reskonsab moutre pèp Izrayèl la sa pou l fè epi ki t'ap viv apa nèt pou Senyè a. Li di yo konsa: — Mete Bwat Kontra Bondye a nan Tanp Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, te bati a. Nou pa bezwen ap pote l sou zepòl nou ankò. Kounyeya se sèvi nou pral sèvi Senyè a, Bondye nou ak Bondye pèp Izrayèl ki pou li a.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 35:3
15 Referans Kwoze  

Anplis, Levit yo p ap ankò bezwen pote tabènak avèk tout zouti li yo pou sèvis li.”


Konsa, nan twazyèm ane règn li a, li te voye reprezantan li yo, chèf Ben-Haïl yo, Abdias, Zacharie, Nethaneel, avèk Michée pou enstwi nan vil a Juda yo;


Epi Ézéchias te pale ankourajman a tout Levit ki te montre gwo kapasite pou afè SENYÈ yo. Konsa, yo te manje pandan sèt jou ki te chwazi yo pandan yo t ap fè sakrifis ofrann lapè yo e t ap bay remèsiman a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo a.


Lè yo t ap pote fè sòti lajan ki te antre lakay SENYÈ a, Hilkija, prèt la, te twouve liv lalwa SENYÈ a ki te bay pa Moïse la.


Answit, prèt yo te mennen lach akò a SENYÈ a antre nan plas li, anndan sanktyè enteryè kay la, nan kote ki sen pase tout lòt yo anba zèl a cheriben yo.


Salomon te mennen fè monte fi a Farawon an soti Jérusalem pou rive nan kay ke li te bati pou li a, paske li te di: “Madanm mwen p ap rete lakay David, wa Israël la, akoz plas yo kote lach SENYÈ a te ye a sen.”


Alò Moïse te di: “Konsakre nou nan menm jou sa a bay SENYÈ a—paske chak moun te kont fis li, e kont frè li—pou Li kapab beni nou jodi a.”


Paske lèv a yon prèt dwe gade konesans, e moun ta dwe chache lalwa soti nan bouch li. Paske li se mesaje a SENYÈ dèzame yo.


Mwen te bay Levit yo kòm yon kado bay Aaron ak fis li yo soti pami fis Israël yo, pou ranpli sèvis a fis Israël yo nan Tant Asanble a, e pou fè ekspiyasyon pou fis Israël yo, jis pou pa vin gen gwo epidemi pami fis Israël yo akoz ke yo vin pwoche toupre sanktyè a.”


Paske nou pa preche tèt nou, men Kris Jésus a kòm Senyè, epi nou menm kòm sèvitè a nou tout, pou kòz a Jésus.


Yo va enstwi òdonans Ou yo a Jacob, e lwa Ou a Israël. Yo va mete lansan devan Ou, ak ofrann brile an gwo sou lotèl Ou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite