Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 33:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Anplis lapriyè li, jan li te sipliye Bondye a, ak tout peche li yo, enfidelite li ak landwa ke li te bati wo plas pou te fè monte Asherim yo, ak imaj taye yo, avan li te vin imilye li menm, gade, yo tout ekri nan achiv a Hozaï yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Lapriyè wa a te fè a, repons Bondye te ba li, tout peche l yo, jan li te vire do bay Bondye, tout kote li te bati pou zidòl yo, estati Achera ak estati lòt zidòl li te fè fè pou l te ka sèvi anvan li te rekonèt peche li yo, nou jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa pwofèt Ozayi a.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 33:19
17 Referans Kwoze  

Sepandan, kèk nan mesye Aser yo, Manassé, avèk Zabulon yo te imilye yo, e yo te vini Jérusalem.


Konsa, Manassé te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan pwòp kay li. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.


Anplis, li pa t imilye li menm devan SENYÈ a jan papa li, Manassé te fè a, men Amon te ogmante koupabilite li.


Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, Bondye li a. Li pa t imilye li menm devan Jérémie, pwofèt ki te pale pou SENYÈ a.


Avan mwen te aflije, mwen te mache nan wout egare, men koulye a, mwen swiv pawòl Ou.


Li bon pou mwen ke m te aflije, pou m te kab aprann règleman Ou yo.


Mwen konnen, O SENYÈ, ke jijman Ou yo dwat, ke se nan nan fidelite, Ou te aflije mwen.


“Men, olye de sa nou va dechire lotèl pa yo, kraze pilye sakre pa yo e koupe jete Asherim yo.


Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a; men lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.


Di a wa a ak manman rèn nan: “Pran yon chèz ki ba, paske bèl kouwòn ou an, kouwòn de glwa a menm, fin tonbe kite tèt ou.”


Men yo pa t repanti, menm jis rive jodi a, ni yo pa t gen lakrent, ni mache nan lalwa Mwen, ni règleman ke M te mete devan nou yo ak devan papa zansèt nou yo.’


Ou te tande vwa m: pa kache zòrèy W de lapriyè mwen pou sekou, ak kriyè mwen an.


“Malgre sa, ou menm, fis li a, Belschatsar pa t imilye kè ou, malgre ou te konnen tout sa,


Senyè a te di li: “Leve ale nan ri ke yo rele Dwat la, e mande lakay Judas, pou yon mesye Tarse ke yo rele Saul. Paske, gade byen, l ap priye.


Kado a se pa tankou sila ki te vini pa moun ki te peche a; paske jijman an te sòti nan yon sèl transgresyon ki te bay rezilta a kondanasyon, men kado gratis la, ki te soti akoz anpil transgresyon yo, te bay kon rezilta a, jistifikasyon.


Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite