Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 32:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 li te deside avèk ofisye pa li yo ak gèrye pa li yo, pou koupe kouran dlo ki te ale deyò lavil la, e yo te ede li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 li reyini tout otorite ak chèf lame l yo, li di yo li fè lide bouche tout sous dlo ki andeyò lavil la. Yo tout dakò.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 32:3
13 Referans Kwoze  

Ou di nou (malgre se pawòl vid yo ye): ‘Mwen gen konsèy avèk pwisans pou fè lagè.’ Alò, sou kilès ou depann, pou ou vin fè rebèl kont mwen an?


Alò, tout lòt zèv a Ézéchias yo avèk tout pwisans li ak jan li te fè sous dlo a avèk kanal ki te mennen dlo a nan vil la, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?


Paske wa a avèk chèf pa li yo ak tout asanble Jérusalem nan te pran desizyon pou selebre Pak la nan dezyèm mwa a.


Alò, lè Ézéchias te wè ke Sanchérib te vini, e ke li te gen plan pou fè lagè sou Jérusalem,


Se te Ézéchias ki te bouche sous piwo dlo Guihon yo, e te dirije yo rive nan pati lwès lavil David la. Ézéchias te byen reyisi nan tout sa li te fè.


Pou sa, anpil moun te rasanble e te bouche tout sous avèk flèv ki te kouri nan zòn nan. Konsa, yo te di: “Poukisa wa Asiryen yo ta dwe vini pou jwenn tout dlo sa a?”


San konsèy, plan yo vin jennen; men ak anpil konseyè, yo vin reyisi.


Fè tout plan ak konsiltasyon; fè lagè ak konsèy saj.


Paske ak konsèy saj ou va fè lagè, e ak konseye an abondans, gen viktwa.


Se kilès ki te dirije Lespri SENYÈ a, oswa kòn enstwi Li pou l konseye L?


Rale dlo ou pou kont ou pou fè syèj la! Ranfòse fò ou yo! Antre nan ajil la, e foule mòtye a anba pye ou. Byen bati kay fou k ap fè brik yo fò!


Paske “Kilès ki konnen panse a Senyè a?” Oubyen “Kilès ki kapab bay Li konsèy?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite