Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 32:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Alò, Ézéchias te gen anpil richès avèk onè. Li te fè pou kont li trezò an ajan, lò, pyè presye, epis, boukliye defans ak tout kalite bagay ak gwo valè,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Ezekyas te gen anpil richès, tout moun te respekte l. Li fè bati depo pou mete tout bagay an ajan, an lò li te genyen, bèl pyè koute chè, epis santi bon, plak pwotèj ak tout lòt bagay koute chè l yo.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 32:27
11 Referans Kwoze  

Ézéchias te koute yo e montre yo tout kay trezò li a, ajan avèk lò, epis avèk lwil presye, lakay boukliye li yo avèk tout sa ki te konn twouve nan trezò li yo. Pa t gen anyen lakay li ni nan tout wayòm li a ke li pa t montre yo.


Epi li te mouri a yon gwo laj, trè avanse plen avèk jou, richès, avèk onè. Epi fis li a, Salomon te renye nan plas li.


sajès avèk konesans gen tan bay a ou menm. Epi Mwen va ba ou richès avèk byen, avèk lonè, tankou okenn nan wa avan ou yo pa t janmen genyen, ni sila ki va swiv ou yo.”


Pou sa, SENYÈ a te etabli wayòm nan sou kontwòl li, tout Juda te pote pèyman bay Josaphat e li te vin gen gwo richès avèk lonè.


Men Ézéchias te vin desann ògèy kè li a, ni li menm, ni pèp Jérusalem nan, jiskaske kòlè pa t rive sou yo pandan jou a Ézéchias yo.


anplis, depo pou konsève sereyal, diven avèk lwil, pak pou tout kalite bèt, avèk pak pou bann yo.


Wa a te fè ajan gaye tankou wòch Jérusalem, e li te fè sèd yo anpil tankou bwa sikomò ki nan ba plèn nan.


Benediksyon SENYÈ a fè moun rich; konsa li pa mele ak chagren.


Anplis, yo va fè piyaj a tout richès ak machandiz ou yo. Yo va kraze mi ou yo, detwi bèl kay ou yo, e jete wòch ak, poto bwa yo ak tout ranblè ou yo nan dlo.


SENYÈ a fè pòv ak rich. Li abese e anplis, Li leve.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite