Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 31:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Depi lòd la te fin gaye, fis Israël yo te mete disponib an abondans, premye fwi nan sereyal yo, diven nèf, lwil, siwo myèl ak tout pwodwi chan an; epi yo te pote an abondans dim nan de tout bagay.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Lè nouvèl la gaye, moun pèp Izrayèl yo pote premye sa yo rekòlte nan ble, nan diven, nan lwil oliv, nan siwo myèl ak nan tout lòt danre jaden yo an kantite. Lèfini, yo pote yon dizyèm sou tou sa yo te genyen.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 31:5
22 Referans Kwoze  

Anplis, nan jou sa a, mesye yo te chwazi kon responsab sou chanm depo yo, kontribisyon yo, premye fwi yo, ak dim yo, pou ranmase yo antre soti nan chan nan vil yo, pòsyon ki te mande pa lalwa a pou prèt ak Levit yo; paske Juda te rejwi de prèt avèk Levit ki te fè sèvis yo.


Konsa ankò, tout Juda te pote dim sereyal la, diven an avèk lwil la, antre nan kay depo yo.


epi pou ofran founi bwa nan lè chwazi yo, ak pou premye fwi yo, sonje mwen, O Bondye mwen, pou sa ki bon.


Ou pa pou fè reta avèk ofrann ki sòti nan rekòlt la avèk diven an. Premye ne nan fis ou yo, ou va ban Mwen l.


Nou va pote pi bon nan premye fwi latè yo antre nan kay SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.


“Ou va selebre fèt Semèn yo. Sa vle di premye fwi ki sòti nan rekòlt ble a, ak fèt Rekòlt la, nan fen ane a.


“Ou va pote premye nan premye fwi tè ou yo pou l antre lakay SENYÈ a, Bondye ou a. Ou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.”


‘Pran pami nou yon ofrann pou SENYÈ a. Nenpòt moun ki gen kè bon volonte, kite li pote kòm ofrann bay SENYÈ a: lò, ajan, ak bwonz,


Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo; ak premye pati nan tout prodwi ou,


“‘Konsa tout dim tè, semans tè, ni fwi nan bwa, se pou SENYÈ a. Li sen pou SENYÈ a.


“Tout sa ki pi bon nan lwil fre a, tout sa ki pi bon nan diven fre a ak nan sereyal la, premye fwi a sila ke yo bay a SENYÈ a, Mwen bannou yo.


Premye nan fwi mi ki nan peyi yo, ke yo pote bay SENYÈ a, va pou ou. Tout moun lakay ou ki pwòp, kapab manje li.


Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron: “Gade byen, se Mwen Menm ki te bay ou chaj sou tout ofrann Mwen yo, menm tout don sen a fis Israël yo. Mwen te bay ou yo akoz onksyon an nou resevwa, e a fis ou yo kòm yon dwa ki pou tout tan.


Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an.


Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon premye fwi de sila ki mouri yo.


Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.


Sa yo se sila ki pa t souye pa fanm yo, paske se vyèj yo ye. Sa yo se sila ki swiv Jèn Mouton an tout kote Li ale. Sa yo te achte pami lòm kòm premye fwi pou Bondye, e pou Jèn Mouton an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite