Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 3:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Li te fè chenn nan sanktyè enteryè a. Li te plase yo sou tèt pilye yo. Li te fè san grenad e te mete yo sou chenn yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Li fè ti chenn mare yonn ak lòt, li mete yo fè wonn anwo tèt poto yo ansanm ak pòtre grenad li mare nan ti chenn yo.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 3:16
6 Referans Kwoze  

Konsa, Salomon te kouvri anndan kay la avèk lò pi. Li te fè chenn an lò travèse pati devan nan sanktyè enteryè a, e li te kouvri li avèk lò.


Te gen tèt kouvèti yo sou de pilye yo, antoure avèk de-san grenad an ranje won ki pa an wo a chak tèt kouvèti, toupre rezo a. Epi de-san grenad te ranje toutotou de toulède tèt kouvèti yo.


Anplis, li te fè de pilye pou devan kay la, trann-senk koude nan wotè e tèt anlè a sou chak te senk koude.


Li te leve pilye yo pa devan tanp lan, youn adwat e lòt la agoch, epi li te rele sila adwat la Jakin e sila agoch la Boaz.


de pilye yo, bòl yo, de gran tèt pilye sou pilye yo ak de sistèm griyaj treyi yo pou kouvri de bòl a tèt pilye ki te chita sou pilye yo,


epi kat-san grenad pou de sistèm griyaj yo, de ranje grenad pou chak sistèm griyaj pou kouvri de tèt pilye ki te sou pilye yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite