2 Kwonik 29:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen5 Konsa, li te di yo: “Koute mwen, O Levit yo. Konsakre nou menm koulye a, konsakre lakay SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, e pote sa ki pa pwòp deyò pou l vin yon lye sen. Gade chapit la1998 Haïtienne5 Li di yo: — Nou menm fanmi Levi yo, koute sa m'ap di nou: mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Senyè a. Mete Tanp Senyè a, Bondye zansèt nou yo, nan kondisyon pou yo ka fè sèvis ladan l pou li. Wete tout vye bagay yo te mete ladan l kifè li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Gade chapit la |
Li te lonje yon bagay sanblab ak yon men, e li te kenbe m nan cheve m nan pati dèyè tèt mwen. Konsa, Lespri a te leve m monte rive antre tè a ak syèl la, e li te mennen mwen nan vizyon Bondye yo pou rive Jérusalem nan antre kote nò nan pòtay pa anndan an, kote ki te gen chèz pou zidòl ki rele jalouzi a, ki konn pwovoke jalouzi a.