Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Kwonik 28:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Alò, nan tan gwo pwoblèm pa li, menm Wa Achaz sila a te vin peche plis devan SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Pandan tout tan yo t'ap kraze l konsa a, nonm yo bay pou wa Akaz la t'ap donnen pi mal nan pa sèvi Senyè a.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 28:22
10 Referans Kwoze  

Se ki bo nou va pran so ankò? Poukisa nou mache fè rebèl san rete? Tout tèt la malad e tout kè a fèb.


Mwen va ale retounen nan plas Mwen, jiskaske yo vin rekonèt koupabilite yo, pou chache fas Mwen. Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.”


“Paske gen yon tribinal. Kisa pou di si menm baton ki kondanen an pa la ankò?” deklare Senyè BONDYE a.


O SENYÈ, èske zye Ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t sanse doulè. Ou te fè yo megri, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch. Yo refize repanti.


“Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a, men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo. Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”


Rele Mwen nan jou twoub la. Mwen va delivre ou e ou va onore M.”


Esther te di: “Yon oprimè avèk yon lènmi, se mechan Haman sila a!” Pou sa a, Haman te vin ranpli avèk laperèz devan wa a avèk rèn nan.


Pandan li te nan gwo twoub, li te sipliye SENYÈ a, Bondye pa li a, devan Bondye a zansèt li yo.


Apre evenman sa a, Jéroboam pa t kite chemen mechanste li, men ankò li te fè prèt pou wo plas yo soti nan tout pèp la. Nenpòt moun ki ta vle fè sa, li te òdone pou devni prèt nan wo plas yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite