Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 28:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Alò, pou sa, koute mwen e remèt kaptif ke nou te fè prizonye pami frè nou yo, paske kòlè SENYÈ a byen cho kont nou.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Koute sa m'ap di nou: Prizonye sa yo se frè ak sè nou yo ye. Kite yo tounen lakay yo, paske se sou nou Senyè a move kounyeya.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 28:11
10 Referans Kwoze  

Alò, kèk nan chèf a fis Éphraïm yo——Azaria, fis a Jochanan nan, Bérékia, fis a Meschillémoth la, Ézéchias, fis a Schallum nan e Amasa, fis a Hadlaï a——te leve kont sila ki t ap retounen soti nan batay la.


Fis Israël yo te pote ale an kaptivite pami frè yo de-san-mil fanm Judah, fis ak fi. Anplis yo te pran anpil piyaj ki sòti nan yo, e te mennen piyaj la Samarie.


Kite chèf nou yo reprezante tout asanble a, e kite tout sila nan vil nou yo ki te marye ak fanm etranje yo vini nan lè apwente yo, ansanm avèk ansyen a chak vil yo, jiskaske kòlè fewòs Bondye nou an, akoz bagay sa a, ta vin detounen kite nou.”


Kòlè Ou ki brile, fin pase sou mwen. Gwo laperèz Ou yo te koupe retire m.


“Se pa jèn sila a ke M pito; pou lache lyann mechanste yo, pou demare kòd jouk la, pou lese oprime yo pran libète e kase tout jouk yo?


Beni se sila yo ki bay mizerikòd; yo va resevwa mizerikòd.


Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou.


Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite