Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 26:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Men Ozias, avèk veso lansanswa nan men l pou brile lansan an, te anraje. Konsa, pandan li te anraje avèk prèt yo, lalèp te pete sou fon li devan prèt yo lakay SENYÈ a, akote lotèl lansan an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Ozyas te kanpe ak lansanswa a nan men l pou l te ofri lansan an. Li move sou prèt yo. Lamenm, nan mitan Tanp Senyè a, toupre lansan an, devan tout prèt yo, yon move maladi po parèt sou fwon li.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 26:19
7 Referans Kwoze  

Lè wa a te antre sòti Damas, wa a te wè lotèl la. Alò, wa a te pwoche lotèl la e te fè ofrann sou li.


Alò, Asa te fache avèk konseye a, e li te mete li nan prizon, paske li te anraje avèk li pou bagay sa a. Epi nan menm lè a, Asa te oprime kèk moun nan pèp la.


Pandan li t ap pale avèk li, wa a te di li: “Èske nou te chwazi ou menm kòm konseye wayal? Rete! Poukisa w ap chache mouri?” Epi pwofèt la te rete. Li te di: “Mwen konnen ke Bondye deja fè plan pou detwi ou, paske ou te fè bagay sa a e pa t koute konsèy mwen.”


Azaria, chèf prèt la avèk tout lòt prèt yo te gade li, e vwala, li te gen lalèp sou fon li. Konsa, yo te fè l sòti la byen vit, e li menm tou te fè vit pou sòti akoz SENYÈ a te frape li.


Prèt la va gade l. Si gen yon enflamasyon blan sou po a, li fè plim li vin blan, e gen maleng nan enflamasyon an,


Lè nwaj la te kite tant lan, vwala, Marie te gen lalèp, blan tankou lanèj. Epi lè Aaron te gade, alò, Marie te gen lalèp.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite