Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Kwonik 26:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Tout pèp Juda a te pran Ozias, ki te genyen laj a sèzan e te fè li wa nan plas a papa li, Amatsia.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Tout pèp peyi Jida a pran Ozyas, pitit gason Amasya a, yo fè l wa nan plas papa l. Ozyas te gen sèzan lè sa a.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 26:1
12 Referans Kwoze  

Pèp Jérusalem la te fè Achazia, pi piti fis li a, wa nan plas li, akoz bann mesye ki te vini ak Arab yo nan kan an te touye tout pi gran yo. Konsa Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a te kòmanse renye.


Men pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo a kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li.


Amatsia, fis pa li a: Azaria, fis pa li a; Jotham, fis pa li a;


Tout pèp Juda a te pran Azaria, nan laj sèzan, e yo te fè li wa nan plas a papa li, Amatsia.


Konsa, yo te mennen li sou cheval e te antere li avèk zansèt li yo lavil Juda.


Li te bati Élath e te restore li pou Juda apre wa a te dòmi avèk zansèt li yo.


Vizyon Ésaïe a, fis Amots la, konsènan Juda avèk Jérusalem, ke li te wè pandan tan pouvwa a Ozias, Jotham, Achaz ak Ézéchias, wa Juda yo.


Pawòl SENYÈ a ki te vini a Osée, fis a Béeri a, pandan jou Ozias yo, Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa a Juda a, e nan tan Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la.


Pawòl a Amos, ki te pami bèje mouton Tekoa yo, de sa li te wè nan vizyon konsènan Israël nan jou a Ozias, wa Juda a, e nan jou a Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la, dezan avan tranbleman tè an.


Nan dezyèm ane Joas la, fis a Joachaz la, wa Israël la, Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, te devni wa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite