Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 21:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Yo te vini kont Juda pou te atake li, e yo te fè pote ale tout posesyon ke yo te jwenn lakay wa a, ansanm avèk fis li yo, ak madanm li yo, jiskaske pa t gen fis ki te rete pou li, sof Joachaz, pi piti nan fis li yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Yo anvayi peyi Jida, yo piye palè wa a, yo fè tout madanm li yo prizonye ansanm ak tout pitit gason l yo. Sèl pitit gason yo te kite pou li se te Joakaz, ti dènye a.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 21:17
8 Referans Kwoze  

Jéhu te rankontre fanmi a Achazia, wa Juda a. Li te mande: “Se kilès nou ye?” Yo te reponn: “Nou se fanmi a Achazia. Nou te vin desann pou salye fis a wa yo avèk fis a rèn nan.”


Pèp Jérusalem la te fè Achazia, pi piti fis li a, wa nan plas li, akoz bann mesye ki te vini ak Arab yo nan kan an te touye tout pi gran yo. Konsa Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a te kòmanse renye.


Pou sa, li te retounen pou geri nan Jizreel akoz blese ke yo te ba li nan Rama yo, lè li te fin goumen kont Hazaël, wa Syrie a. Epi Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a, te desann pou wè Joram, fis a Achab la Jizreel, akoz li te malad.


Paske fis a Athalie yo, ki te tèlman mechan, te antre kase lakay Bondye a. Anplis yo te sèvi ak bagay sen nan kay yo pou sèvi Baal.


Alò Joas, wa Israël la te kaptire Amatsia, wa Juda a, fis a Joas la, fis a Joachaz la, nan Beth-Schémesch. Li te mennen li Jérusalem, e li te chire miray Jérusalem nan soti nan Pòtay Éphraïm nan jis rive nan Pòtay Kwen an, kat-san koude nan longè.


Akoz nou te pran ajan Mwen ak lò Mwen, e te mennen bagay presye sakre Mwen yo nan tanp nou yo,


Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Gaza yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te depòte tout pèp la, pou livre yo bay Édom.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite