Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Kwonik 21:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Akoz sa, Édom te fè rebèl kont Juda jis rive Jodi a. Epi Libna te fè rebèl menm lè a kont otorite li, akoz li te bliye SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Se konsa, depi lè sa a, peyi Edon soti anba otorite peyi Jida. Yo granmoun lakay yo. Se menm lè sa a tou, moun lavil Libna soti anba otorite peyi Jida, paske Joram te vire do bay Senyè a, Bondye zansèt yo a.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 21:10
17 Referans Kwoze  

Paske pèp Mwen an te komèt de kalite mal: Yo te abandone Mwen, fontèn dlo vivan yo, epi yo te fouye pou kont yo lòt sitèn; sitèn yo ki kraze ki pa ka kenbe dlo.


Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou.


“Men pou nou, SENYÈ a se Bondye pa nou an e nou pa t abandone Li. Fis Aaron yo ap fè sèvis a SENYÈ a kòm prèt e se Levit yo ki fè travay a yo menm.


Alò, Rabschaké te retounen e te twouve wa Assyrie a t ap goumen kont Libna; paske li te tande ke li te fin kite Lakis.


akoz yo te abandone Mwen e te adore Astarté deyès a Sidonyen yo, Kemosh, dye a Moab la ak Milcom, dye a fis Ammon yo. Epi yo pa t mache nan vwa Mwen yo, pou fè sa ki dwat nan zye M, e swiv règleman Mwen yo avèk òdonans Mwen yo, jan papa li, David te fè a.


Li te di a Jéroboam: “Pran pou ou menm dis mòso; paske konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen va chire wayòm nan sòti nan men Salomon, e ba ou dis tribi


Konsa, a fis Aaron yo, prèt la, yo te bay Hébron, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li yo ak Libna avèk teren patiraj pa li,


‘Yo te fè m jalou avèk sa ki pa Bondye yo. Yo te pwovoke Mwen a lakòlè avèk zidòl yo. Konsa tou, Mwen va fè yo jalou avèk sa ki pa yon pèp yo. Mwen va pwovoke yo a lakòlè avèk yon nasyon ki san konprann.


Pandan jou li yo, Édom te fè rebèl kont otorite Juda yo, e yo te etabli yon wayòm pou kont yo.


Konsa, Joram te travèse avèk chèf li yo ak tout cha li yo avèk li. Li te leve pandan nwit lan, e li te touye Edomit ki te antoure li yo, avèk chèf a cha yo.


Anplis, li te fè wo plas nan mòn Juda yo. Li te fè pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, e li te mennen Juda nan move wout.


Alò, kòlè Mwen va vin limen kont yo nan jou sa a, Mwen va abandone yo e kache figi Mwen a yo menm. Yo va detwi e anpil malè va rive sou yo, jiskaske yo va di nan jou sa a: ‘Èske se pa paske Bondye nou an pa pami nou ke malè sa yo vin rive sou nou?’


Epi Josué avèk tout Israël avèk li te pase soti Makkéda a Libna pou te goumen kont Libna.


Malgre sa, nou te abandone Mwen pou sèvi lòt dye yo. Pou sa, Mwen p ap delivre nou ankò.


Paske Pékach, fis Remalia a, te touye nan Juda, pandan yon sèl jou, san-ven-mil òm, tout mesye ki plen kouraj yo, akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo.


Men transgresè ak pechè yo va kraze ansanm, e sila ki abandone SENYÈ yo va vin disparèt nèt.


Pwòp mechanste ou va korije ou, e enfidelite ou va repwoche ou. Pou sa, konnen e wè ke se mal e anmè ke ou te abandone SENYÈ a, Bondye ou a. Laperèz Mwen pa nan ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite