Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 18:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Anplis, Josaphat te di a wa Israël la: “Souple, fè ankèt avan pou pawòl SENYÈ a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Apre sa, Jozafa di Akab, wa peyi Izrayèl la: — Tanpri, annou mande Senyè a sa li di nan sa.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 18:4
13 Referans Kwoze  

Alò, li te vin rive apre, ke David te fè demand a SENYÈ a, e te di: “Èske Mwen dwe monte nan youn nan vil Juda yo?” Epi SENYÈ a te di li: “Monte!” Konsa David te di: “Se kibò pou m ta monte?” Epi Li te di: “Nan Hébron.”


Konsa, David te mande konsèy a SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men mwen?” SENYÈ a te reponn a David: “Monte, paske vrèman, Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”


Lè David te mande konsèy a SENYÈ a, Li te di: “Ou pa pou monte. Ansèkle jis pa dèyè yo e vini sou yo pa devan pye sikomò yo.


Achab, wa Israël la, te di a Josaphat, wa Juda a: “Èske ou va monte avèk mwen kont Ramoth-Galaad?” Konsa, li te di li: “Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, nou avèk ou nan batay la.”


Epi wa Israël la te rasanble tout pwofèt yo, kat-san mesye. Li te di yo: “Èske nou dwe monte kont Ramoth-Galaad pou batay, oswa èske mwen dwe fè bak?” Epi yo te reponn: “Ale monte, paske Bondye va livre li nan men a wa a.”


“Men pou wa Juda ki te voye nou fè ankèt devan SENYÈ a, konsa nou va pale a li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la selon pawòl ke ou te tande yo,


Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a; se li mwen va chache: pou m ta kab rete lakay SENYÈ a tout jou lavi m yo, pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.


Souple, mande a SENYÈ a pou nou menm, paske Nebucadnetsar, wa Babylone nan ap fè lagè kont nou. Petèt SENYÈ a va aji avèk nou selon zèv mèvèy Li yo, pou lènmi an rete kò l sou nou.


“Fis a lòm, pale ak ansyen Israël yo pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske nou vini la pou mande M konsèy? Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Nou p ap vin mande M konsèy.’”


Konsa, David te fè demann a SENYÈ a. Li te mande L: “Èske mwen dwe ale atake Filisten sila yo?” Epi SENYÈ a te reponn David: “Ale atake Filisten yo pou delivre Keïla.”


Alò, David te fè demann SENYÈ a yon lòt fwa. Epi SENYÈ a te pale li e te di: “Leve, desann Keïla; paske Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite