Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Kwonik 18:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Achab, wa Israël la, te di a Josaphat, wa Juda a: “Èske ou va monte avèk mwen kont Ramoth-Galaad?” Konsa, li te di li: “Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, nou avèk ou nan batay la.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Akab, wa peyi Izrayèl la, di Jozafa, wa peyi Jida a: — Eske w'ap vin avè m pou atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la? Jozafa reponn li: — Mwen menm ak tout sòlda mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 18:3
9 Referans Kwoze  

Alò, li te voye kote Josaphat, wa Juda a. Li te di: “Wa Moab la te fè rebèl kont mwen. Èske ou va monte avè m pou goumen kont Moab?” Li te reponn: “M ap monte. Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo.”


Epi li te di a Josaphat: “Èske ou va ale avèk mwen nan batay a Ramoth-Galaad la?” Josaphat te di a wa Israël la: “Mwen tankou ou menm, pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo.”


Pa patisipe nan zèv tenèb ki pa janm pote fwi yo, men de preferans ekspoze yo.


Èske m pa rayi sila ki rayi Ou yo, O SENYÈ? Epi èske mwen pa t blese menm de sila ki leve kont Ou yo?


Ben-Guéber nan Ramoth-Galaad (vil a Jaïr yo, fis a Manassé, ki Galaad la te pou li: nan zòn Argob, ki Basan an, swasant gran vil avèk mi yo fè an bwonz te pou li);


Kèk ane pita, li te desann kote Achab Samarie. Konsa, Achab te touye anpil mouton avèk bèf pou li avèk moun ki te avèk li yo, e li te konvenk li monte kont Ramoth-Galaad.


Anplis, Josaphat te di a wa Israël la: “Souple, fè ankèt avan pou pawòl SENYÈ a.”


Jéhu, fis a Hanani a, konseye a, te sòti pou rankontre li, e te di a Wa Josaphat: “Èske ou ta dwe ede mechan yo, e renmen sila ki rayi SENYÈ yo, e konsa, kite lakòlè SENYÈ a vini sou ou?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite